Ayiti Nou Vle A

Adrès imel

kontak@ayitinouvlea.org

Telefòn

(+509) 38 861135

Adrès

1, rue Viala (Midoré)
Delmas 33, Delmas
Haïti

Suiv nou :

Rezime global

Sòti 4 dawout rive 9 septanm 2021,  Ayiti Nou Vle A òganize yon sondaj pa telefòn sou yon popilasyon mil swasantdis1et moun segmante pa sèks, laj, depatman jeyografik ak kote yo abite. Sondaj sa se pou ede konprann kijan popilasyon an  wè sa ki dwe pase apre lanmò Prezidan peyi a, Jovenel Moïse. Li fèt plis pase de semèn apre lanmò a, lè emosyon yo sanse desann. Sondaj sa enstale l nan kad jefò asosyasyon an ap fè pou fasilite deba nan espas piblik ki baze sou lasyans, bon done, ak bon konprann. Menm jan ak sondaj nou te reyalize an 2019 ak 2020 yo, sondaj sa montre majorite a kontinye kwè nan nesesite eleksyon pou rezoud kriz peyi a ap travèse. Sondaj la pèmèt tou konprann kijan popilasyon an wè kominote entènasyonal la nan kriz la – li dwe entèvni – ansanm ak kijan yo wè tranzisyon an – li dwe kout.

Sou  wòl entènasyonal la

Sou chak 4 moun, 3 panse kominote entènasyonal la dwe jwe yon wòl nan tranzisyon apre Jovenel Moïse l la. Fason pou entèvansyon sa fèt la mwens klè. Si rechèch solisyon ak aktè politik yo gen yon ti avans ak 30%, opsyon ki pi volontaris yo pa lwen. Yon entèvansyon militè NasyonZini jwenn asantiman 20%; Etazini jwenn 24%, avèk 10% ki mande mete peyi a sou titèl. 

Popilasyon an sanble rekonèt pwa kominote entènasyonal la - Core Group la - e an patikiliye Etazini genyen sou politik peyi a e refleksyon an plis sanble sou kijan pou viv ak enfliyans sa olye rejte l antanke peyi endepandan.

Sou eleksyon yo

 

Plis pase 8 moun sou 10 (84.5%) pa swete tranzisyon apre Jovenel Moïse la depase yon lane. Pami yo, 3 (29.15%) ta swete eleksyon fèt apre yon nouvo konsèy konsèy elektoral kreye, anviwon 3 (26.55%) panse eleksyon yo ta dwe fèt mwa septanm sa, anviwon 3 (28.88%) panse yo ta dwe fèt nan yon lane.

Sou tranzisyon an

Popilasyon ki dakò pou Ariel Henry dirije peyi a anntandan eleksyon (49.5%) pratikman menm ak popilasyon ki pa dakò a (49%). 

Nou ka konpare rezilta sa yo ak to konfyans Prezidan Jovenel Moïse te jwenn an 2019 (45%) ak 2020 (40%). Yon bon pati nan popilasyon an sanble jeneralman favorize estabilite nan tèt peyi a annatandan eleksyon. 

Moun ki pa fè Ariel Henry konfyans yo divize sou kilès ki ta dwe pran plas li.

Prèske menm valè moun (16.06%) chwazi yon ekip ki soti nan yon konsansis ayisyen ak valè (15.22%) ki panse Ayiti bezwen sou titèl kominote entènasyonal la. Lòt solisyon ki te diskite apre asasasina prezidan Repiblik la pa jwenn gwo adezyon nonplis: yon jij kou Kasasyon (8.44%), ansyen Premye Dam nan (3.89%), ankenn repons (3.71%), Prezidan Sena a (1.29%).

Sou done sondaj la

Pou moun ki enterese, tout done yo disponib nan dosye Google Drive sa