Alain Délisca

pibliye pa ALAIN DÉLISCA | 970p
May 08, 2021

Dorothy Pierre, yon ayisyèn k ap viv nan peyi kanada ki etidye devlopman ak dwa, se envite nou nan trèzyèm epizòd koze kilti vyòl. Avèk li, nou te fè yon ti rale sou ret nan wòl ou . Pa egzanp, pa respekte limit yon moun ba ou, pa respekte lè yon moun di non sou pretèks li te konn abitye di w wi oubyen l ap fè kapris paka sèvi eskiz . Poutan de egzanp sa yo se bagay  nou jwenn souvan nan sosyete nou an. Avan nou te resevwa Dorothy, Bibiana te vini ak atelye ki se yon seri senaryo pou ede nou reflechi ak ka ki prezante a epi jwenn repons ki pi bon an. Ankadre nou pou nou jodya se: ou ta renmen yon tas kafe? yon adaptasyon yon videyo Wayòm ini pou esplike moun konsantman.

Dorothy te aksepte pale avè n nan telefòn pandan nou te nan stidyo ANVA a. Ansanm nou te rale sou ret nan wòl ou. Nou ka koute rezilta ti chita pale sa la :

Dorothy te komanse pale sou konparezon nou fè ant tas kafe ak konsantman an. Li menm ale pi lwen pou l konpare l ak alkòl pou l ka antre kritè laj la ladan l. Pou li, konparezon sa esplike kijan konsantman pa kite kote pou yon moun devine. Depi yon moun ka konprann sa pou tas kafe, li ka konprann li pou fè bagay.

Dorothy Pierre, te fon ti rale sou responsabilite paran yo ak gason yo sou kesyon ret nan wòl la. Pou li, fason yo leve gason an Ayiti: tankou kòk parapòta fason yon leve tifi yo: yo fèmen yo ka kreye move konprann sou konsantman an. Men li mete gason yo fas ak responsabilite yo. Pou li, yon gason pa t ap dakò yon lòt manyen l nan senti pa egzanp. Solisyon an se pa fè yon fi sa w pa t ap renmen yon lòt gason fè w, se respekte granmounite lòt la. Li te tou pwofite soulinye di yon moun ap fè kapris paka yon eskiz. Pa gen mwayen pou mezire si yon moun ap fè kapris vre. Pi bon fason an se respekte desizyon moun lan.

Nan epizòd sa tou, nou wè kèk bon pratik pou ede moun ret nan wòl yo. Youn ladan yo se pale pou sosyete a wè seksyalite fi tankou yon bagay ki nòmal.  Se konsa yo p ap wè fi ki di wi tankou move moun, yo p ap wè kaoris non plis lè yon fi di non. Solisyon an se nan kontinye #PafèSilans.

Se pou ede fè chanjman sa, Ayiti Nou Vle A lanse pòdkas Koze Kilti Vyòl la. Si w ta renmen kite sijesyon pou amelyore pòdkas la, klike sou sijesyon. Si w ta renmen reyaji sou epizòd la an antye, kite yon kòmantè anba paj sa.

Mèsi pou enterè w pou pòdkas la. M kontan w la.

Alain


Vwa moun ki nan emisyon sa:

Lokasyon: ANVA Studios. 

Miksaj: Patricia Camilien pou ANVA Medya.

Klike la pou dekouvri tout ekip pòdkas la.

Yo

Your email address will not be published. Required fields are marked *