Alain Délisca

pibliye pa ALAIN DÉLISCA | 970p
December 12, 2020

Myria Charles ( Sister M), yon komedyèn ak enfliyansèz sou rezo sosyal yo, se envite nou nan nevyèm epizòd koze kilti vyòl. Avèk li, nou te fè yon ti rale sou kèk pawòl  komedi ak lodyans ki ankouraje  kilti vyòl. Pa egzanp, fason blag nou fè sou kadejak ak tizonnay  banalize  zak sa yo pandan nap ri. Pratik sa yo gen tandans bay plis jarèt a agresyon seksyèl, fè yo plis sigmatize viktim lan e fè n pase l nan rizib e menm fè I konprann sa l sot viv la pa anyen la.

Sister M te aksepte vin nan stidyo ANVA a pou pale sou kijan komedi ak lodyans ka ankouraje kilti vyòl men kijan l kakonbatli tou. Nou ka koute rezilta ti chita pale sa, la : 

Sister M kòmanse pale sou kijan blag ka banalize kadejak, tizonnay ak lòt abi seksyèl. Li esplike blag pa oblije fè kadejakè, ba yo lisans pou yo fè sa yo vle. Men li te pran egzanp yon grenn ki jèmen avan l tounen yon pyebwa. Se nan sans sa, blag ak lodyans ki fèt sou kadejak ka vin bay kadejakè ak tizonnè plis konfyans pou yo fè sa yo vle. 

Sister M, te fon ti rale tou sou mannyè piblik la, komedyen, komedyèn, enfliyansè ak enfliyansèz ka limite mòd blag sa yo menm si ka toujou gen ti fo pa. Li pale pou piblik la komanse evite like, kòmante ak pataje tout vye blag ak vye pawòl. Li mande tou pou komedyèn ak komedyen yo pa tonbe nan fasilite paske gen anpil sijè moun ka fè blag sou yo e ki pap mande pou fwase moun. Li te tou pwofite mete bemòl: li di li enpòtan pou n pa sonbre nan ekstrèm kote nou pè itilize mo yo paske yo egziste e reyalite yo tou egziste. Li pwofite konseye viktim yo jwenn èd yon espesyalis pou yo pa rete kole sou yon mo.

Nan epizòd sa tou, nou wè lòt metòd pou piblik la mande komedyèn ak komedyen yo kenbe yon liy: pale avèk yo pou di yo depase limit la. Li menm presize, anpil fwa,  komedyen ak komedyèn yo konn pa konsyan de mal yo fè, sou feeling anpil bagay ka di. Kidonk se responsabilite piblik la pou di sa yo pa vle.  Se pou sa, li enpòtans pou nou #PafèSialns.

Se pou ede fè chanjman sa, Ayiti Nou Vle A lanse pòdkas Koze Kilti Vyòl la. Si w ta renmen kite sijesyon pou amelyore pòdkas la, klike sou sijesyon. Si w ta renmen reyaji sou epizòd la an antye, kite yon kòmantè anba paj sa.

Mèsi pou enterè w pou pòdkas la. M kontan w la.

Alain


Vwa moun ki nan emisyon sa:

Lokasyon: ANVA Studios. 

Miksaj: Perez Riquemi + Patricia Camilien pou ANVA Medya.

Klike la pou dekouvri tout ekip pòdkas la

Yo

Your email address will not be published. Required fields are marked *