
pibliye pa ALAIN DÉLISCA | 970p
November 21, 2020
Widlore Mérancourt, editè an chèf AyiboPost, se envite nou nan sizyèm epizòd koze kilti vyòl. Li se konsiltan medya. Avèk li, nou te fè yon ti rale sou kèk pawòl nou konn tande nan medya ki patisipe nan kilti vyòl. Pa egzanp, fason medya yo trete enfòmasyon ki gen pou wè ak kadejak, tizonnay gen tandans bay plis jarèt a agrèse, senpatize ak li pandan yap sigmatize viktim lan.
Widlore te aksepte pale avèk nou sou zoom pandan nou te nan stidyo ANVA a sou kèk pawòl nou konn tande nan medya ki patisipe nan kilti vyòl. Nou ka koute rezilta ti chita pale sa, la :
Widlore kòmanse pale sou wòl li kòm editè ak enpòtans ki genyen pou medya yo aprann kritike youn lòt pou yo ka amelyore kontni yap pwopoze. Jounalis la ak medya ki se rezilta sosyete a ap toujou gen tandans, nan fason yo trete enfòmasyon yo, aji avèk prejije. Pa egzanp, si yon moun di yo vòlè telefòn li, yo pap gen tandans mandel kisa li fè pou yo vòlè telefòn li poutan se sa ki rive pou vyòl.
Widlore, te fon ti rale tou sou mo prezime ki konn tou mete nan tèt moun kap li oubyen koute yon medya, moun yo akize a pako koupab. Pandan tan sa, yo ka bonifyel jan yo vle. Pou li, pandan li rekonèt enpòtans presonpsyon inosans la, li presize se pa paske lajistis pa jwenn prèv pou kondane yon agresè ki fèl inosan pou otan. Li ajoute pa gen okenn moun kap fè lajistis konfyans pou jan l ap fonksyone nan peyi a kounya. Pou li, menm jan, lajistis gen pwòp mekanis pa l, medya yo gen wòl yo pou yo jwe nan gonfle vwa viktim yo, nan bay istwa yo fòm.
Nan epizòd sa tou, nou kijan laprès ak jounalis yo ta dwe ede chanje tandans kote medya yo patisipe nan kilti vyòl la. Menm si l konnen li difisil, li panse fòk eskriti medya yo ta chanje, fòk ta gen plis teren ki fèt e bay plis moun pale. Pou jounalis yo, li panse fòk yo ta kòmanse panse kont pwòp tèt yo paske li difisil pou nan yo sosyete machist, mizojin pou yon jounalis kap lite kont tandans sa yo pa afiche san l pa konnen konpòtman mizojin. Se konsa nap ka bay pawòl viktim yo fòm e ankouraje yo #PafèSialns.
Se pou ede fè chanjman sa, Ayiti Nou Vle A lanse pòdkas Koze Kilti Vyòl la. Si w ta renmen kite sijesyon pou amelyore pòdkas la, klike sou sijesyon. Si w ta renmen reyaji sou epizòd la an antye, kite yon kòmantè anba paj sa.
Mèsi pou enterè w pou pòdkas la. M kontan w la.
Alain
Vwa moun ki nan emisyon sa:
- Animatè : Alain Délisca
- Envite : Widlore Mérancourt
- Spòt: Karène Franck
- Jenerik : Patricia Camilien
Lokasyon: ANVA Studios, Telefòn pèsonèl.
Miksaj: Perez Riquemi + Patricia Camilien pou ANVA Medya.
Klike la pou dekouvri tout ekip pòdkas la.