Ayiti Nou Vle A

Adrès imel

kontak@ayitinouvlea.org

Telefòn

(+509) 38 861135

Adrès

1, rue Viala (Midoré)
Delmas 33, Delmas
Haïti

Suiv nou :

Yon ti pale sou gang

Premye mwatye ane fiskal la fini, se pou sa fòk nou pran yon titan pou n pale de sektè ki ap mache pi byen nan ekonomi ayisyèn nan: gang.

Bon, se vre, gen yon bon politik jenès pa fasil.

Gouvènman n yo konnen fòk yo depanse lajan Leta an ijans anpil kote: Kay pou minis, achte machin, planifye vwayaj, fè konstwi lak nan lakou direktè jeneral, sere lajan nan peyi etranje … koze enpòtan.

Men yon politik jenès, sitou lè 7 moun sou 10 nan popilasyon an gen mwens pase 30 lane, se kote pou w pran san w pou byen chwazi kijan w ap depanse lajan Leta.

Se repons pou youn nan kesyon ki pi ansyen moun konn poze tèt yo: E si olye n voye jèn yo lekòl, nou ba yo zam pito ?

 Opsyon gang la sanble parèt seduizan. Li pratik, li rapid e li elimine jèn yo rapid.

Fè zanmi! Fè lòbèy ! Mouri!

Si w ap chèche yon fason rapidvit pou jere jèn defavorize pandan yo pa viv ase lontan pou bezwen jwenn solisyon k pi dirab: gang s on chwa fasil.

Politisyen antann ak gang pou ede yo genyen eleksyon epi kontinye ba gang mwayen, lajan ak zam, pou yo ka ede politisyen kenbe pouvwa. Biznismann antann ak gang pou pwoteje biznis yo epi kontinye ba gang mwayen, lajan ak zam, pou yo ede biznismann kenbe monopòl sou mache a. Toujou nan menn lide a, politisyen ak biznismann antann yo gaspiye lajan Leta epi detwi enstitisyon ak sèvis ki pou ta redui gang. Medya tout plim tout plimaj ap bay gang lapawòl pou yo ka tabli laperèz la pi fon toujou. Menm legliz pa rete endiferan nan soufrans pèp Bondye a. Kounyeya ou ka ap mande tèt ou, “men koze sipòte gang yo,p ap fè yo vin gen twòp lajan, twòp pouvwa, pou kontinye pran lòd nan men moun ?” – Egzakteman. 

Depi kèk tan, bagay la gaye nan men moun yo. Gen apepre 200 gang ann Ayiti. Nan lane 2022, yon rapò GITOC (Global Initiative Against Transnational Organized Crime – PDF an angle) eksplike 95  landan yo nan Pòtoprens. Pou zòn Pòtoprens, G9 ki se regroupman 9 gang, e ki gen nan tèt li Babekiou, se pi gwo federasyon gang lan. Yo tabli katye jeneral yo nan zòn Delmas 6, Baz Pilat, nan Ti bwa, Simon Pele, Belekou, Waf Jeremi, nan Chabon, nan Boston. Gwoup gang sa fe pakèt ekzaksyon sou fanm ak tifi. Yo responsab anpil masak e nan fen ane pase a, yo te rive menm pran kontwòl tèminal kote gaz peyi a estoke. Yon lòt kote, gen Baz 400 mawozo ki enstale kò yo nan zón soti Kwadeboukè , pase Taba, Pènye, ale Belvil, Kolèt, pase Gwo mòn, rive Repiblik dominiken. Gang sa responsab 80% nan kidnapin ki fet nan Pòtoprens pami yo 17 misyonè ameriken ki te pase 61 jou an kaptivite nan lane 2021. Pa gen lontan sa, Gpep ki tabli nan Site Solèy vin fè alyans ak 400 mawozo pou yo ka vale teren. Mesye 5 Segond yo ak Granravin kenbe Matisan ak aksè nan depatman sid peyi a an otaj. Genyen tou Baz Galil ki kreye an 2013 e ki konn bay kèk sèvis konsèy ak estrateji pou ede gang yo, sitou 400 mawozo, pran nouvo teritwa. Espesyalite baz sa se jere dil dwòg ak kidnapin.

Pasipala, gang ap profite sitiyasyon leta fayi kote tout enstitisyon plat atè, pou regle tout kalte koze tankou konfli tè ak aksè wout enpótan nan kèk zòn tankou Laboul 12. Biwo Loni pou dwa moun estime 160 000 moun oblije kouri kite lakay yo san destinasyon akòz deblozay gang. Pou 3 premye mwa lane 2023 a, yo rapòte 531 moun tonbe anba bal bandi, 300 moun blese ak 277 kidnape. Sa se san konte lot enjistis tankou kantite vyòl, kay ki boule, nou pa gen ase enfòmasyon sou yo. Plizyè sikolog enkyète sou kantite dega tout vyolans sa yo ap kreye nan lavi popilasyon an; kit se tibebe, jèn, ou vye, kit ou fanm kit ou gason, kit ou gen kòb, kit ou pa gen lajan, kelkèswa kote w rete.

Se konsa, lè nan yon peyi, elit kowonpi yo ankouraje enpinite pou anyen pa rive yo. Se nan tèt, pwason kòmanse pouri. Lè w kraze sistèm jidisyè a pou w ka fè sa w vle, se pòt ou louvri bay lòt kriminèl pou fè sa yo vle. Jodi a, politisyen ap plenyen pou yo. Biznismann ap plenyen pou yo. Moun ki t ap ede yo kraze peyi a ap plenyen pou yo. Se tankou yon seri moun ki te chita ap vide gaz sou dife epi lè dife pran sou yo yo tonbe rele anmwe dife. Nan peyi isit, anpil moun pa panse lwen. Menmjan ak bandi ki ap kidnape doktè, boule lopital, lè dife pran sou yo, pran rele mande bèl boss voye yo lopital.

Nan lane 2022 k sot pase a, 2084 moun mouri, 1552 blese, 1114 kidnapin fèt. Nan katye Brooklynn nan Site Solèy poukont pa l, soti 8 jiyè rive fen mwa desanm 2022, 263 mouri 285 moun blese, epi 4 moun disparèt. Plis pase yon douzèn fanm ak tifi sibi vyòl anba gwoup bandi. Anpil moun bije kite kay yo bandi te rive piye oubyen boule.

Yo estime fenomèn gang lan lakoz Ayiti pèdi 4.2 milya dola chak lane (lyen an angle). Gen zòn nan pwovens yo tankou nan Latibonit kote gang rekòmanse ap vale teren. Jodi a, nan Pòtoprens, pa gen zòn ki epanye. Chak katye ap tann tou pa yo. Gang yo ap grandi, teritwa yo ap grandi, anplwaye yo ap grandi. Gang yo pa lwen pran kapital la, gang yo se pi gran anplwayè jèn nan moman an. Anplwayè ki bay zouti travay, ki peye ak regilarite, ki menm ofri lwazi nan òganize gwo fèt kote gwo atis al jwe. Nou menm rive nan moman kote yon ansyen rèn bote/animatris tele ap eskplike n kijan, sou koze vin manm gang, lan li neutre. 

Pou jèn yo, antre nan gang, sou wout tounen yon chwa karyè tankou yon lòt. Gang yo anplwaye anpil jèn, timoun lespri yo poko fin fòme, timoun yo ka manipile fasil, fè yo fè tout move zaksyon, vòlè, kidnape, touye moun. Jenn gason yo pwomèt bèl lavi, yo pwomèt lajan, yo pwomèt fanm. Se nan konsa, kadejak sou fanm itilize pou kenbe moral yo wo, yon kado lè lagè ak lòt gang, yon pinisyon pou sa k pèdi yo. Vyolasyon kò fanm tounen mwayen pou demoralize advèsè a, pou retire virilite l nan pran lonè ak detrui ko fanm li. Lè sa fanm nan pa jis viktim, li se yon bouk emisè, atravè li se advèsè a ki pini. Lè n gade dènye masak ki fèt nan teritwa gang yo, n ap wè yo toujou mache ak vyòl. Peye gang, kit se pou fè vote pou ou oubyen pou pwoteje biznis ou, se patisipe nan masak, kadejak ak tout move zak y ap poze nan peyi a. Se patisipe nan ede yo tabli yo plis kote nan peyi a pou yo komèt plis move zak toujou.

Negosyasyon pa posib ak gang

Nou pa ta dwe bezwen di sa men gang pa bon pou yon peyi. Pa dwe gen dout sou sa. Pòtoprens soti nan 48 gang an 2021, tonbe nan 74 nan 2022, jodi a li kite 90 dèyè. Nan 4 lane ki sot pase yo, gang yo lakòz plizye milye moun mouri nan sityasyon vyolans. 160,000 moun oblije kite kay yo e kantite sa ap ogmante chak jou, vyòl ap fet sou fanm ak gason. Gazolin ak diesel vin tounen lò paske kamyon paka rive nan tèminal. Moun ap soufri grangou paske manje paka rive Pòtoprens, pri tout bagay monte. Lekòl paka fonksyone, pwofesè ap viktim pandan yap fè kou, etidyan ap mouri. Lopital sou branka, pandan fanm ansent paka jwenn wout pou yal akouche. Biznis ap deplase al sendomeng, aktivite ekonomik sou ralanti nèt. Pèsonn pa epanye. Li pa enpòtan ki moun ou ye, lajan w genyen, kote w rete … Si gang poko rive bò lakay ou, li trè posib, yo pa lwen rive. Paske, jan bagay yo ye la, si n kontinye konsa, gang ap fini pa pran tout kote nan kapital peyi a ak zòn pwovens kote yo gen tan pran pye.

Dezespwa fè kèk moun anvizaje negosye ak gang pou pwoteje tèt yo. Pa gen lontan sa, nan yon reyinyon katye nan Petyonvil – anvan mouvman dechouke bandi fen mwa davril 2023 a te kòmanse – anpil rezidan te pwopoze yon antant ak bandi ki kontwole zòn nan pou l pa kidnape yo. Gen yon lane, moun sa yo t ap viv lavi yo san enkyetid. Se nòmal pou yo chèche solisyon pou retounen viv yon vi pezib. Men bay bandi kòb pou l pa kidnape w se ba l kòb pou l kidnape plis moun san sa pa anpeche l kidnape w pita. Jan n abitye fè l depi lontan, nou kontinye vle kwè chak koukouy ka klere pou je yo. Pwoblèm nan: kriminèl pa fyab. Bay bandi kòb pou l pa kidnape w se ba l kòb pou l kidnape plis moun san sa pa anpeche l kidnape w pita. Li enpòtan pou tout moun konprann sa. Ou pa ka fè kriminèl konfyans, nan ankenn sikonstans. Se kriminèl li ye. Pawòl kriminèl pa vo anyen. Nou pa ka antre nan antant ak gang.

Alòs kisa sosyete sivil la ka fè lè Leta ki ta dwe asire sekirite nou sanble pa ni sou sa ni kapab ? Apre tout lane latwoublay nou sot pase yo, ou sandout ap mande tèt ou kisa k ka fèt ? Nou dwe enplike n ansanm Pou n mete kanpe Leta ki pou ba nou #AyitiNouVleA.

Nou 12 milyon nan peyi a. Bandi yo pa 12 mil. Nou ka jere ti sa.