Ayiti Nou Vle A

Adrès imel

kontak@ayitinouvlea.org

Telefòn

(+509) 38 861135

Adrès

1, rue Viala (Midoré)
Delmas 33, Delmas
Haïti

Suiv nou :

#AnnPale

BRIGAD Bonjan Repons Ijan kont Gang, Asasen ak lòt Dezòd

Yon ansanm zouti pou nou batay kont fenomèn gang lan ann Ayiti

Gade video sa

Poukisa Brigad la?

Paske chak koukouy pa ka klere pou je yo

Politisyen antann ak gang pou ede yo genyen eleksyon.  Biznismann antann ak gang pou pwoteje biznis yo. Politisyen ak biznismann antann yo gaspiye lajan Leta epi detwi enstitisyon ak sèvis ki pou ta redui gang.

Solisyon endividyèl enposib. Pwoblèm nan kolektif. Se ansanm pou n rezoud li.

Kisa ki ka fèt tousuit ?

Yon plan an 3 pati

  • Vijilans nan katye
    • Voye je youn sou lòt
    • Repere chanjman fizik nan kominote a
    • Idantifye nouvo moun ki rive nan zòn 
  • Siyale kote gang yo ye
    • Ede konplete kat sa: Kat BRIGAD
    • Kontinye poste sou gwoup WhatsApp yo
    • Sonje pwoteje tèt nou ak idantite n lè n ap pataje enfòmasyon sansib
  • Kolabore ak lapolis
    • Klike sou lyen sa pou w telechaje kontak tout komisarya zòn metwopolitèn nan
    • Si w pa ka rele, voye yon mesaj 
    • Si w wè/konn yon bagay, di yon bagay
  • Ebèje fanmi ak zanmi
  • Soutyen sikolojik
  • Fon pou sipòte viktim
  • Ankadreman ak Mentoring 
  • Fòmasyon sou entènèt
  • Bous etid ak travay

 

Men yon lis lyen ki ka itil.

Pati sa vini apre. Li gen pou wè ak travay redisyondkont n ap bezwen fè pou n tabli #AyitiNouVleA.

An patikilye, sa vle di fè biznismann, politisyen, medya ak tout lòt moun ki te patisipe nan ede gang yo teworize n, pran responsabilite yo, peye pou krim yo.

N ap retounen sou sa.

Retrase Bandi

Kat sa pèmèt ou mete enfòmasyon sou sa ki pa korèk k ap fèt nan zòn kote w ye a. Ou ka poste yon fason anonim.

Ann brase lide

Ou gen yon lòt repons pratik ou panse ki ka ede? Ekri nou.
POU N Ale pI LWEN

Dokimantasyon sou sekirite an Ayiti

Yon rapò an angle sou sitiyasyon gang lan nan peyi a. Ou ka telechaje l nan lyen sa.

Yon fòmasyon gratis BID ofri sou entènèt. Li pèmèt ou dekouvri dènye konesans nan prevansyon, modènizasyon lapolis ak jistis, ak reyabilitasyon sosyal.  Ou ka suiv kou sa la.