Pòtoprens, 17 septanm 2021

Sondaj. Apre lanmò prezidan Repiblik la, 58% Ayisyen vle pou peryòd tranzisyon an kout e popilasyon an sanble divize sou kijan ak kilès ki dwe dirije peyi a

 « Ayiti Nou Vle A » òganize yon sondaj apre asasina Jovenel Moïse. Rezilta sondaj la montre yon gran majorite Ayisyen (75%) panse kominote entènasyonal la gen yon wòl pou jwe nan tranzisyon an menmsi yo divize sou kijan entèvansyon sa dwe fèt. Majorite moun (58%) ki patisipe nan sondaj la panse peryòd tranzisyon n ap viv la dwe kout men yo divize sou kilè eleksyon dwe fèt oubyen fòm tranzisyon an dwe pran. Anfen, 49.5% moun ki te reponn ankèt la di yo fè Ariel Henry konfyans pou l dirije men menm moun sa yo vle tranzisyon an kout; lòt 49% an divize ant moun ki panse aktè politik ak sosyete sivil la dwe dirije (16%), etranje dwe mete peyi a sou titèl (15%), yon jij ki soti nan Kou Kasasyon dwe dirije (8.5%). 

Sòti 4 dawout rive 9 septanm 2021,  Ayiti Nou Vle A òganize yon sondaj nan telefòn sou yon echantiyon mil swasant disèt moun segmante pa sèks, laj, depatman jeyografik ak kote yo abite pou mezire kijan popilasyon an panse peyi a dwe dirije apre zak sasinay Jovenel Moïse la. Rezilta sondaj la montre yon popilasyon ki jeneralman divize sou jan li konprann sityasyon peyi a sou diferan pwen, tankou wòl entènasyonal la dwe jwe nan apre lanmò prezidan Jovenel Moïse, ki tip tranzisyon peyi a dwe genyen, konbyen tan e kilès ki dwe dirije tranzisyon an.

Dapre yon sondaj Ayiti Nou Vle A (ANVA), yon asosyasyon ayisyèn ki ankouraje patisipasyon sitwayèn, yon gran majorite Ayisyen panse entènasyonal la dwe jwe yon wòl nan peryòd tranzisyon peyi a ap travèse nan apre lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse (75%), men gran majorite sa a divize sou ki jan entèvansyon sa dwe fèt: 30% moun ki te reponn kwè kominote entènasyonal la dwe chita ak aktè politik yo pou jwenn yon solisyon, 20% panse Nasyon Zini dwe voye on misyon militè vin asire estabilite pou eleksyon ka fèt, 14% di Etazini dwe voye solda vin asire sekirite, 10% panse Etazini dwe met peyi a sou titèl. 25% moun ki te reponn panse Entènasyonal la pa dwe jwe ankenn wòl, paske Ayiti se yon peyi endepandan.

Rezilta yo montre anpil diferans tou nan opinyon popilasyon an sou kijan ak ki lè eleksyon ta dwe òganize. Si majorite (58%) moun ki reponn sondaj la panse peryòd tranzisyon n ap viv la ta dwe kout, yo divize sou kilè eleksyon dwe fèt e ki fòm tranzisyon an dwe pran. 27% moun panse eleksyon yo te dwe fèt nan mwa septanm jan sa te prevwa, 29% panse fò yon nouvo konsey elektoral met sou pye an pwemye, 29% panse fòk yon gouvènman tranzisyon dirije peyi a pou yon lane. 14% moun panse tranzisyon an dwe dire plis pase yon lane.

Moun ki te reponn ankèt la divize tou sou kilès ki dwe dirije peyi a nan peryòd sa. 49.5% moun ki te reponn ankèt la di yo fè premye minis Ariel Henry konfyans pou l dirije. Menm moun sa yo vle yon tranzisyon kout. Pakont, 49% moun opoze ak Ariel Henry, epi gen preske 1% moun ki  pat vle bay avi yo sou pwen sa a. Gwoup ki pa vle Henry kom chèf divize prensipalman ant yon gwoup moun (32%) ki panse se yon ekip tranzisyon ki soti nan yon konsansis nan mitan aktè politik yo ak sosyete sivil la (angwo aktè politik non eli yo) ki dwe dirije, ak yon gwoup (30%) ki panse etranje dwe met peyi a sou titèl. Yon gwoup pi piti (17%) panse se yon jij ki soti lakou Kasasyon ki dwe dirije. O total se 16% popilasyon an sèlman ki panse se yon gouvènman tranzisyon ki soti nan yon konsansis ant aktè politik non eli yo ki dwe dirije tranzisyon an.

Rezilta sondaj sa montre aklè nivo konfizyon ki genyen nan sosyete a. Men li montre tou ke elektè yo vle egzèse dwa yo pou vote lib e libè pou chwazi dirijan yo nan yon tan ki pa twò long (yo vle yon tranzisyon kout); sa ki sanble make yon diferans ak diskou aktè politik yo k ap mande yon tranzisyon 24 mwa.

Rezilta sa yo konfime tandans nou te konstate an 2019 ak an 2020, kote popilasyon an te rejte klas politik la e te eksprime preferans li pou eleksyon ki òganize rapidman. Li montre konsistans kwayans pèp ayisyen an nan prensip demokratik yo ansanm ak volonte li genyen pou patisipe epi ede garanti eleksyon ki kredib.

Sondaj sa rive fèt ak sipò Laboratwa statistik Trend Media konpayi Digicel. 

Pou plis enfòmasyon sou sondaj sa ak analiz nou so rezilta yo, vizite: https://www.ayitinouvlea.org/sondajmayisid

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *