Lòt vèsyon : VideyoFrançaisEnglish

Yon konpayi k ap depanse lajan san l pa janm bay ankenn jistifikatif; yon lòt ki pa egziste legalman men ki sanble gen abònman pou sipèvize pwojè premye a; yon pakèt lòt ki sanble egziste sèlman pou egzekite pwojè ak lajan Petrocaribe a. Konpayi ki resevwa kontra pou 16 lise nou odite yo, prezante anpil pwoblèm, soti nan jan yo jwenn kontra rive nan jan yo egzekite l. Menmjan ak Odit Kolektif Ilavach la, anvan nou deplase, nou te kontakte yo pou gen plis enfòmasyon sou travay yo te fè a. Menmjan ak Odit Kolektif Ilavach la, yo pa t reponn nou. Men, menmsi yo pa vle pale ak nou, sa pa vle di nou pa ka pale de yo.


Youn nan karakteristik pwojè Lise yo – yon karakteristik nou jwenn nan majorite kontra pwojè ki finanse ak Fon Petrocaribe yo – se jan tout kontra yo siyen, gré à gré, sa vle di san apèldòf, nan moun ki konn moun. Nou sonje Direktè Lise Ench lan, Sylvain Accilien, te eksplike n kijan SECOSA ranplase FAES.

SECOSA – Supervision, Études, Construction S.A. – se premye antrepriz ki retni atansyon n. Li jwenn kontra pou 8 nan 16 Lise yo, pou yon montan global 356,378,805.00 goudNan 8 lise sa yo: 2 koule, 3 pa fini; tout gen menm achitekti a, yo fèt menm jan – se penti yo sèlman ki diferan – e depi lapli tonbe galri ak lakou yo inonde.

Se pa premye fwa, konpayi SECOSA parèt nan rapò sou fon Petrocaribe yo. Lè n konbine rapò Koudèkont yo, non konpayi an mansyone 56 fwa nan 13 pwojè pou yon total 95,900,061.77 dola plis 692,630,205.00 goud nan kontra. Leta dekese 78,329,390.40 dola plis  946,734,467.00 goud. Li rete yon dèt 9 milyon dola pou konpayi an.

Kontra 13 pwojè sa yo fèt de gré à gré [cf. Rapò 1, 31 janvye 2019: p. 138, 151, 175; Rapò 2 , 31 Me 2019: p. 260, 267, 277, 281, 311, 320, 211, 248, 290, 292]. Koudèkont estime mòd pasasyon kontra sa yo pote prejidis pou kominote a paske yo an deyò kad reglemantè a epi yo kontrè ak bon pratik nan administrasyon. Li presize tou iregilarite li konstate nan kontra sa yo:

Anplis 8 lise nou te vizite yo, genyen 7 lòt lajan Petrocaribe a ta finanse pou SECOSA egzekite men ki pa nan rapò Koudèkont lan. Nou jwenn 6 nan yo nan bilan ansyen Premye Minis Lamothe te pibliye sou sit entènèt li, an fevriye 2015. Nan bilan sa, non konpayi yo pa mansyone, men nan lane 2012, Ministè Travo piblik (MTPTC) te pibliye yon lis lise an konstriksyon ki te bay detay sa yo. Dapre lis MTPTC a, anplis lise nou vizite nan kad #OditLise a, SECOSA te responsab egzekite 7 lòt: Piyon, Senrafayèl, Plèndinò, Mayisad, Beladè, Gresye ak Sentsizàn. Lise Plèndinò a pa parèt ni nan rapò Koudèkont yo, ni nan bilan Lamothe la. 

Malgre premye #OditKolektif yo pa t ka jwenn yo, ansyen Premye Minis Lamothe ensiste 25 stad ki fèt yo se PetroCaribe . Youn nan rezon ki eksplike sa ka paske, malgre tout iregilarite nou sot wè la yo, SECOSA te rive jwenn kanmenm 18 nan kontra pou 25 « stad » sa yo.

Se nan lane 1998, Konpayi SECOSA pran nesans. Nan yon atik Le Nouvelliste ki te parèt 10 me 2011, reponsab konpayi an, Prezidan li, Jean Emile Laférière, ak Visprezidan li, Patrick Pereira, t ap eksplike kijan konpayi an ki te espesyalize l nan fè wout ak pon deside konsantre l sou konstwi kay ki desan pou Ayisyen ka viv. Se te apre tranblemandtè 2010 la, SECOSA te sèl grenn antrepriz ayisyèn ki te nan batay toujou pou yon gwo pwojè lojman Ministè tourism  – pa Travo piblik, men Tourism  – t ap mennen pou gouvènman an.

Pwojè sa te rele « Reconstruction de meilleures communautés ». Li te sipoze reloje viktim tranblemandtè a yo, nan Zoranje, yon zòn ki pa lwen Site Solèy. Menmjan ak pwojè Destination Île à Vache la, Ministè Tourism te reponsab tou, pwojè sa pa t abouti. SECOSA jwenn kontra ak gouvènman an men pou konstwi mache, pak espòtif ansanm ak Lise nou vizite pandan odit la

Nan dat ki te 12 novanm 2018 la, Komisè Gouvènman Pòtoprens lan Clamé-Ocnam Daméus te fè sòti yon avi pou mande tout bank bloke kont 36 konpayi ki ta enplike nan dosye kit eskolè yo ansanm ak dilapidasyon lajan Petrocaribe a. Pami antrepriz sa yo, te genyen SECOSA. Men kòm pa t gen ankenn pwosedi penal ki angaje, sa rete la. An oktòb 2020, jij Ramoncite Accimé, ki se jij enstriksyon pou dosye Petrocaribe a te emèt manda pou twa moun parèt devan l, pami yo Jean Émile Laferrière, PDG konpayi SECOSA a ki te sipoze ale 16 oktòb 2020. Men sa sanble te rete la.

Dezyèm konpayi ki merite nou fè yon ti pale de li se J&J Construction, yon konpayi ki te sou lis Ansyen Komisè Gouvènman Daméus la e ki jeneralman responsab sipèvizyon chantye Lise yo. Non konpayi a parèt 29 fwa antou nan rapò yo sou 13 pwojè pami yo 5 lise. Ototal, se 177,000,124.00 goud J&J Construction resevwa pou sipèvize chantye, Lise Ba-Lenbe, Lise Rankit, Lise Pò Mago, Lise Mon Òganize, Lise Kapotiy. Malgre tout pwoblèm nou konstate nan odit lise yo – oubyen petèt lakòz yo – Koudèkont pa jwenn ni dosye peman yo, ni rapò sipèvizyon, ni kontra, ni dosye teknik, ni estati konpayi an. Yo pa peye DGI nonplis.

Premye rechèch nou sou J&J Constructions aprann nou li sitiye Kwadèboukè. Apre sa, nou jwenn nan Nouvelliste yon anons Kabinè Augustave ki di sosyete J&J Construction ki gen pou bon non  »Milfort-Augustin et Co » e ki administre pa Josselin Milfort ak Jackson Augustin pa egziste ankò depi 27 septanm 2010. Ak disolisyon an te depoze nan kabinè notè Jean A. Lamothe, depi 8 novanm 2010. Kèk mwa apre, 25 janvye 2011, toujou nan ti anons Nouvelliste yo, nou jwenn 2 menm moun yo refè yon lòt sosyete, menm kote a, ak menm kapital la, pou menm rezon an, men fwa sa konpayi a chanje non, li rele AMICO. Poutan kontra Lise yo siyen an 2012 e nan lane 2016, J&J Construction t ap resevwa lajan Leta pou sipèvize Lise.

Nou rive sou LinkedIn pou n wè si, nan pwofil konpayi an, ak moun ki travay pou li, nou pa ta ka aprann plis sou J&J Construction. Sou 4 moun nou jwenn ki t ap travay pou konpayi an, 3 pa janm chanje pwofil yo depi 2012. Yon sèl, yon enjenyè sivil ki te responsab sipèvizyon a lepòk Konstriksyon Lise yo, gen yon pwofil ki modifye depi epòk sa; apre 1 an 5 mwa nan SECOSA (nan lane 2011 ak 2012), li te fè 1 an 7 mwa nan J&J Construction (an 2012 ak 2013). Denojou, l ap travay pou yon anbasad etranje. Nou eseye kontakte l pou mande l yon entèvyou nan kad Odit Lise a, men nou pa t gen chans jwenn li.

Enfòmasyon sou Josselin Milfort yo ra. Apa yon foto l kote l t ap fete anivèsè l ak fanmi l nan Pòtoprens an mas 2017, nou jwenn li ap viv Florid nan yon katye modès  ak yon aktif 180 mil dola anviwon, epi nou aprann li divòse ak madanm li an jen 2019; se tout. Se pou sa nou voye je gade Enjenyè Hérode THELUSMA ki siyen kòm PDG konpayi J&J a, byenke dapre yon lòt ti anons Nouvelliste, konpayi pa li a rele CTH Building Contractor. Li te monte konpayi sa, 7 out 2007, 50/50 ak Guilly Cineus ki li menm te fèk kòmanse ap travay lè sa kòm enjenyè nan SECOSA – li te kòmanse an jen 2007 – kote l te pase 3 lane ak 3 mwa. 

Nou jwenn non Hérode Thélusma nan rapò komisyon odit ansyen Premye Minis Gary Conille te kòmande sou kontra Premye minis ki te la anvan li an, Jean-Max Bellerive, te siyen anvan l ale, nan lajan Petrocaribe a. Men ki sa rapò a te di (p 10):

Sou yon baz estrikteman legal, gen rezon pou n poze tèt nou kesyon sou trèz (13) kontra ki siyen ak J&J Construction, ki se non komèsyal konpayi nan non kolektif Milfort-Augustin, Josselin Milfort ak Jackson Augustin te monte ansanm. Kontra sa yo pote siyati Thelusma Herode, Enjenyè-Achitèk. Sepandan, pa gen okenn dokiman ki disponib ki rann li posib pou idantifye ak ki kapasite Mesye Herode te aji: èske li se yon ajan oswa èske li asime yon fonksyon nan konpayi an ki pèmèt li reprezante li? Anplis de sa, nimewo patant Mesye HERODE la pa te mansyone nan kontra yo, li pa te posib pou Komisyon Odit la mande enfòmasyon sou kalifikasyon Mesye Thelusma HERODE, ki siyen trèz (13) kontra.

Nan paj 204 rapò Beauplan an – rapò Sena a sou dosye Petrocaribe a, ki te deklanche odit Koudèkont pibliye a – nou rejwenn anons Le Nouvelliste ki montre konpayi an pa t egziste ankò epi rapèl sou kijan rapò odit Conille lan te panse se “yon montaj pou fasilite dekesman iregilye an favè yon gwoup moun ki pwòch moun ki t ap bay kontra yo sou ansyen Premye Minis Bellerive”. Dapre Doktè Reginald Boulos,  ki alepòk te gen bò rapò ak ni PHTK ni Anbasad amerikèn, ansyen Anbasadris amerikèn lan, Pamela White te konfye l,se 120 milyon dola antouraj Prezidan Martelly akimile nan lajan Petrocaribe a .

Nan kab anbasad amerikèn Wikileaks te pibliye yo, nou jwenn Laura Graham, Chèf operasyon Fondasyon Clinton epi Chèf Kabinè Bill Clinton, ki, lè l an Ayiti te konn desann kay Minis Bellerive. Nan yon imel li voye bay Chery Mills – Chèf Kabinè Sekretè Deta Hillary Clinton – li sanble pa t ka kwè nan ki eta koripsyon nan dosye sa wo ni ak ki awogans yo fè sa. Imel sa te ekri 26 fevriye 2012, 2 jou apre demisyon Gary Conille. Laura Graham parèt enkyè pou ansyen kòlèg li a – ki anvan l te premye minis te chèf kabinè Bill Clinton antanke Anvwaye espesyal peyi Etazini an Ayiti. Madam Graham eksplike se pou kontra sa yo Michel Martelly – ki te prezidan peyi a lè sa – pare pou atake Gary Conille jan l konnen pou evite detay kontra yo – Graham sispèk se pou pousantaj pa Martelly – pran lari.

An mas 2012, apre Jean-Max Bellerive fin rejte odit Conille lan kòmkwa se yon bann zanmi Premye Minis lan ki ta fè l, nan yon kwonik ki titre “No es xenofobia, es un gran escándalo de corrupción“ – Se pa rayi nou rayi etranje, se yon gwo eskandal koripsyon – sit entènet defen 7dias.com nan Repiblik dominikèn te pran plezi raple Bellerive se fanmi Martelly menmjan li se fanmi Hervé Day ki te chèf seleksyon pwojè yo epi ki vin Minis Planifikasyon pou suiv menm pwojè sa yo. Kòmkwa mikmak la ta tout kote.

Nan menm ribrik relasyon familyal sa yo, menmsi nou pa rive jwenn enfòmasyon yo pou kounyeya, gen kèk kesyon n ap chèche repons pou yo tankou: Èske Josselin Milfort gen rapò ak yon lòt Milfort ki li menm tou te jwenn kontra gré à gré, san siyati Koudèkont, nan lajan Petrocaribe a ? Konpayi li an – ki sitou te konn fè pano piblisitè sou non HPS, Haiti Print and Services – te kòmanse tou piti, ak krepisaj kay Pastè Pyè nan Jalouzi (582,120.00 goud), anvan britsoukou li tonbe nan gwo pwojè plizyè milyon dola: konstriksyon mache nan Miragwàn (7,735,135.00 dola; 3,550,801.66 USD dekese; iregilarite; travay pa fini); kiraj plèn Latibonit (16,580,000.00 goud; ki fini an skandal) oubyen renovasyon Plas Hugo Chavez la (3 milyon dola) ki, li tou, pa janm fini. Sa se san konte kontra fim nan repite jwenn pou ayewopò OKap ak Pòtoprens, pou enpresyon piblisite ak pwopagann gouvènman elt. Rapwòchman an rive nan yon pwen kote, 19 oktòb 2019, apre gwo manifestasyon #PetroCaribeChallenge 17 oktòb la, lè Komisè Gouvènman an te konvoke ansyen Premye Minis Lamothe pou vin rann kont sou kijan lajan PetroCaribe a te depanse, Pakè te envite l ansanm ak Patrice Milfort

Nou poze kesyon an paske Patrice Milfort se mari Anne-Valérie Timothée, ansyen Direktris Kabinè Prezidan Martelly epi ansyen Prezidant pati ki te sou pouvwa nan peryòd n ap pale a e ki sou pouvwa toujou: Parti Haïtien Tèt Kale, PHTK. Kòm bagay yo ap fèt an fanmi, gre a gre, li enpòtan pou n chache konnen plis sou relasyon sa yo epi suiv lajan an jiskaske nou rive nan #PwosèPetroCaribeA. Dayè, pèsonn pa ka bliye akizasyon fo bilten vòt ki t ap sikile kont koup la – se Patrice Milfort ki te negosye kontra enpresyon bilten pou eleksyon 2015 yo Dubai – nan pwen yo te rele ansyen kandida a laprezidans Sauveur Pierre Étienne nan tribinal pou difamasyon. Yon lyen dirèk avèk Milfort yo ta ka ede konprann kijan malgre J&J Construction pa egziste li jwenn kontra pou siveye travay SECOSA (pa) fè.

Sou LinkedIn, mesye Milfort afiche tèt li kòm PDG konpayi La Générale Distribution & Construction SA depi 1998. Men, nan deskripsyon konpayi an, li make konpayi an kreye an 2001; yon nòt li te soti sou Twitter pou defann tèt li nan zafè kiraj Latibonit lan te kenbe menm ane 2001 kòm lane konpayi an kòmanse. Pakont, SECOSA te kreye an 1998 … e nou te deja jwenn yon enjenyè ki fè ennan nan SECOSA travèse ale nan J&J pandan moun ki siyen kontra yo kòm PDG J&J a se asosye yon lòt enjenyè ki li menm te fè 3 lane nan SECOSA … Èske 3 konpayi sa yo lye? Si wi, kijan? Jefò nou pou jwenn piblikasyon konpayi sa yon nan Moniteur pa t abouti – yo mande n dat egzak pou n ka achte nimewo yo men nou pa t genyen dat la. Ministè Komès pa t ka ede nou nonplis, pou menm rezon yo.

Se nan lane 2004, konpayi J et J Constructions kreye. Nan anons ki fèt nan Nouvelliste, nou aprann sosyete a fòme 12 out 2004 pou bay sèvis konsiltasyon, etid ak sipèvizsyon nan domèn konstriksyon. Lè sa syèj sosyal konpayi an te Maren, nan Laplenn. Nou pa konn sa k pase ant 2004 ak 2010 ki fè sosyete a sispann egziste. Nou konnen sa ki pase apre li mouri, li siyen kontra ak Leta pou plis pase 100 milyon goud, pandan Koudèkont pa jwenn tras kisa yo fè pou lajan sa.

Komisyon etik Sena a te fè yon analiz echantiyon kontra yo ki montre se sitou chantye SECOSA yo J&J Construction te responsab sipèvize. Li montre tou J&J fè Leta peye plis pase sa yo ta dwe. Rapò Beauplan an fè remake tou se 33.5 milyon dola antou SECOSA benefisye sou 9 pwojè; sa ki vle di 40% nan kontra gré à gré Premye Minis BELLERIVE siyen jiska 2 jou anvan Prezidan Preval kite pouvwa a. Siyen kontra dènye minit ak yon konpayi zonbi pou siveye travay yon konpayi ki pa t menm soumèt pwopozisyon pa yon atitid nòmal. Garry Conille te konprann sa, li fè odit, li pèdi pòs li. Laurent Lamothe ki suiv li, anile 6 nan 41 kontra yo pandan li deklare volonte l pou l limite « biwokrasi » nan peyi a pou pwojè yo ka ateri. Men, jan nou te wè l nan #OKIlavach la, e jan nou sot wè l nan #OditLise a, non sèlman pwojè yo pa ateri, nan anpil ka lajan depanse pou popilasyon an vin pi mal.

Jedi 5 avril 2018, ansyen Premye Minis Laurent Lamothe te devan kabinè ansyen jij enstriksyon Jean Wilner Morin kote yo te envite l reponn pandan plizyè èdtan sou dosye asasinay Alix Gassan, 24 fevriye 2012. Jij Moren te envite tou ansyen Prezidan Chanm Depite a, Gary Bodeau, ansyen Premye Minis Gary Conille ak Jean Max Bellerive, ansanm ak ansyen Minis Planifikasyon an, Hervé Day.

Alix Mary Junior Gassan t ap travay nan J&J Construction.


_OditLise_-_Konpayi_yo_(3).png

Secosa ak J&J pa t sèl konpayi ki entèvni nan Lise yo men lòt konpayi yo te gen kontra sou yon sèl lise – sof Shouby Entreprises ki te gen 2 – sa ki fè nou pa rete sou yo. Men sa pa vle di pa gen bagay ki iregilye nan kontra sa yo:

ADECO te gen kontra pou li fè lise Sodo a, selon Koudèkont, pwojè sa abandone san okenn espliskasyon e pa t gen pyès etid ki te fèt avan konstriksyon an kòmanse.

SOGEC ki t ap sipèvize pwojè sa a, malgre yo te gentan resevwa 669,190.17 goud, pa bay okenn rapò sipèvizyon.

BECA Engineering te jwenn kontra pou lise Balenbe a. Yo te resevwa 50% lajan kontra kòm « avance de démarrage » tandiske Atik 83 lwa 12 jen 2009 la di klè kou dlo kòk se 30%  lajan pwojè a, pou pi fò, yon konpayi ki gen kontra ak Leta dwe resevwa kòm « avance de démarrage ».

Consultations Plus te siyen yon kontra pou lise Karakòl la, nan kontra sa pa gen yon dat limit pou li egzekite pwojè a. Li t ap menm resevwa lajan an avans pandan li pa t menm gen garanti bankè. 

Shouby Entreprises te responsab konstriksyon Lise Chantal ak Wòchabato. Yon atik Nouvelliste nan dat 13 desanm 2012 aprann nou Shouby Entreprises – ki te konn vann blòk ak sab nan rejyon an – se pwopriyte Enjenyè-agwonòm Patrix Sévère, ki se aktyèl Minis Agrikilti ak Resous Natirèl. Koudèkont konstate, non sèlman analiz bezwen yo pa t fèt men tou, anpil dispozisyon ki ankadre kontra pa t respekte nan egzekite ak nan chwa ki antrepriz ki ta pral reyalize pwojè a. Kontra te fèt pa antant dirèk san l pa t respekte plafon ki prevwa nan atik 2 arete 25 me 2012 la. Atik sa fikse maksimòm nan a 8,000,000.00 goud. N ap soulinye montan pwojè sa sete 2,311,982.17 dola, sa ki vle di 93,900,000.00 goud kòm lè sa to a te 40.6 goud pou yon dola. Sou baz sa yo, Koudèkont te konkli kontra a nul de plein droit.

Dapre lis Lise an Konstriksyon MTPTC a, antrepriz Minis Sévère a te responsab tou pou fè 2 mache ak yon lòt Lise – Lise Senjandisid. Lis la make yo konplete men kòm Lise sa pa t nan rapò Koudèkont lan, li pa t enkli nan #OdiLise a. Lise ki ladann yo, Lise Chantal ak Lise Wòchabato non sèlman pa fini, yo kòmanse kraze … malgre Leta te gentan dekese 79,862,460.00 goud e DGI pa t jwenn 1,878,000.00 goud li te sipoze jwenn sou kontra sa.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *