REPONS ANVA TE BAY JOUNALIS RADIO CANADA, LUC CHARTRAND, SOU METODOLOJI SONDAJ DESANM 2019 LI A
Repons ANVA te bay jounalis Radio Canada, Luc Chartrand, sou metodoloji sondaj desanm 2019 li a.
Avan yè, mèkredi 8 Janvye 2020 an, a 2h30 nan laprè midi, jounalis Radio Canada, misye Luc Chartrand, te antre an kontak ak Ayiti Nou Vle A pou diskite sou metodoloji ak reprezantativite ankèt li te pibliye 10 desanm 2019 sou kriz la. Jounalis la te bezwen detay sa yo pou li te konsolide atik li ta pral ekri sou Prezidan an. Atik la sòti jodi a nan adrès: https://www.msn.com/fr-ca/actualites/monde/le-président-haïtien-se-défend/ar-BBYM6vu. Nan kad ekriti atik sa, Luc Chartrand te gen anpil kesyon pou ede l konprann pi byen metodoloji sondaj la. Men, an rezime, sa nou te di l.
Mesye Chartran te eksplike n li pale ak Prezidan – ki ta mete ANVA nan opozisyon – epi ak moun ki kritike sondaj la – ki ta kesyone metodoloji a. Konvèsasyon nou ak Jounalis Luc Chartrand te sitou chita sou evantyalite pou sondaj la ta byeze.
Premye kesyon li te poze se te sou posibilite pou Ayisyen ki nan zòn andeyò yo efektivman yo gen aksè telefòn. Jan nou te deja eksplike li nan dokiman Prezantasyon sondaj la (www.ayitinouvlea.org/sondajtranzisyon), nou te reponn li done ki disponib pou 2019 sou kantite itilizatè telefòn ki gen nan peyi a, an patikilye zòn pwovens yo, yon total ki depase 7 milyon. Se anviwon 57% moun ki gen telefòn nan peyi a. Done sa yo pèmèt jounalis konprann pwoblèm kapital (Pòtoprens) ak pwovens lan pa t poze an tèm de reprezantativite.
Dezyèm kesyon jounalis la te sou kantite moun nou te kontakte antou. Nou eksplike l gen anviwon 17 mil nimewo telefòn ki te kontakte pou finalman konstitiye echantiyon 1000 moun lan. Nou esplike l chif sa a se te premyèman pou reprezantativite echantiyon an, dezyèman pou kenbe yon maj erè trè fèb epi, twazyèman pou pèmèt la rete valid fas a kèlkeswa teyori sou sondaj an tèm kantitatif. Sa ki te pèmèt Luc Chartran konprann pi byen.
Twazyèm kesyon te sou peryòd sondaj la fèt la ak enfliyans sa genyen sou rezilta yo kòm moun yo te fatige ak lòk la. Nou te eksplike l se sa menm ki fè se yon sondaj li ye, se paske moman an menm ka enfliyanse rezilta yo sinon se t ap yon rezilta matematik koni. ANVA dakò nan yon moman diferan de moman nou te fè sondaj la rezilta yo te ka diferan. Se pou sa n ap travay mete sou pye Bawomèt ANVA ki ap gen pou mezire opinyon piblik lan regilyèman.
Katriyèm kesyon jounalis la te sou etònman ANVA ta genyen parapòta rezilta yo. Nou presize nan pèsepsyon nou de kriz la nou te atann yon pi gwo dezave Prezidan an, men apre sa rezilta yo pa t etone n apre sa. Se la, jounalis la pataje avèk nou eksperyans li kote an jeneral, kòm jounalis ki abitye kouvri kriz, sa kap di nan lari a toujou diferan de sa kap di anndan kay yo ant moun yo.
Senkyèm kesyon te sou kalifikasyon gwoup opozisyon Palè Nasyonal ta ba nou. Nou te reponn li pou nou di l menm si chak moun ki nan ANVA gen pwòp konviksyon politik pa yo, asosyasyon an se yon gwoup nan sosyete sivil la kap mande pou bagay yo fèt yon lòt jan e bò kote sitwayen yo e bò kote detantè pouvwa yo. Nou ajoute kòm youn nan cheval batay nou se denonse ak konbat kòripsyon, se sa ki ka fè pouvwa egzekitif la konsidere nou kòm tèl men se pa leka.
Sizyèm kesyon e dènye kesyon an se te sou akèy piblik la. Nou pa t gen mwayen verifye reyaksyon piblik la an jeneral kidonk nou reyaji sou de gwoup ki te plis vokal yo. Chòk rezilta sondaj la yo te fè anpil moun ki aktif nan lari a oubyen ki gen de lòt pozisyon parapòta pouvwa a te remete rezilta yo an kesyon epi kritike asosyasyon an. Yon lòt bò, gwoup moun ki se patizan pouvwa a te itilize aspè ladan ki te bon pou yo pou montre yo gen yon minimòm konfyans toujou popilasyon an fè pouvwa anplas epi plis moun nan popilasyon an pa fè moun k ap konbat pouvwa a yo konfyans.
Pou fini, Luc Chartrand te remèsye ANVA pou disponibilite nou ak inisyativ la.