Jou ki te 31 desanm 2019 la, kèk manm ANVA te resevwa yon bilan finansye ki soti nan Seil Finans lan remèsye yo pou kontribisyon yo te bay asosyan an pandan ane 2019 la. Manm asosyasyon yo bay tèt yo epi depanse san konte pou asosyasyon an. Sa k bay espas pou fè rankont, sa  k enprime mayo ak pwogram ANVA a. Nou bay tan nou, anpil lide ak bon enèji nou. Nou pa p janm ka mete yon pri sou sa. Anvan ane a fini, Selil Finans lan te vle remèsye yo epi pataje ak yo yon bilan sou sa ANVA resevwa e depanse. 

Jodi a, premye lèt ebdomadè videyo ANVA a sòti. Ladann nou pale de chif ki nan bilan an. Nou reprann yo la pou moun ki prefere li pase gade yon videyo. Si n gen kesyon kontakte Selil Finans lan nan finans@ayitinouvlea.org.

Manm avèk senpatizan ANVA yo kontribye depi Dawout 2018 jiska jodia $21,022.19. Chif sa reprezante kòb moun bay ANVA dirèkteman e depans moun fè pou ANVA ki te dokimante. San ou nou pa t ap ka peye pou pankat ak bandwòl Kot Kòb PetroCaribe A? yo. An 2018 nou peye $5,918 pou yo e nou fin peye rès dèt la nan 2019 ki te $1,191.14. Se kontribisyon manm ak senpatizan ANVA yo ki te pèmèt nou fè sondaj sou tranzisyon an ki te koute nou $2,400. Don manm ANVA yo te ede nou ofri yon staj a etidyan nan inivesite (manje, transpò ak yon motivasyon pou estajè yo).

Pandan ane 2019 la ANVA jwenn 2 sibvansyon, youn nan men yon fondasyon ki rele American Jewish World Service (AJWS) pou Odit Kolektif la sou enpak sosyal jesyon lajan fon Petrocaribe a ($29,940). Nou gen pou nou pataje rezilta sou pwojè Ilavach yo nan komansman ane 2020 an. Lòt sibvansyon an se nan men US Cultural Affairs pou yon inisyativ sansibilizasyon sou koripsyon ak enpinite ($19,585). 


Pandan ane 2019 la (Janvye a Desanm 2019) ANVA depanse  $19,002.85. W ap wè depans pou Odit Kolektif la nan grafik la ansanm ak lòt depans nou sot site. W ap remake nou poko fè depans pou projè sansibilizasyon an malgre travay la komanse deja. Lòt depans yo se fonksyonman ANVA tankou sitwèb la ak lojisyèl Nation Builder ki ede nou kominike avèk manm ak senpatizan ANVA yo. 

Mèsi pou angajman ou. Nou pa pran sa alalejè e nou konte sou ou pou lane pwochèn. N ap swete ou menm ak fanmi ou yon Bòn Ane 2020 !

Ayiti nou vle a se ansanm n ap bati l.

Yo

Adres imel ou pa pral pibliye. Jaden obligatwa yo make *