Yè, premye janvye 2020, Ayiti Nou Vle A siyen yon akò ak òganizasyon Janaagraha nan peyi Lend pou mete sou pye vèsyon ayisyèn platfòm IPaidABribe ki pèmèt itilizatè yo denonse, nan anonima si yo vle, chak fwa yo blije bay yon kòb anba tab pou yo ka jwenn sèvis Leta dwe yo. An Ayiti, n ap rele platfòm nan AnbaTab. L ap disponib nan 2 mwa lè nou lanse kanpay videyo lit kont koripsyon an. 

Annatandan, li posib pou aprann yon tikras plis sou platfòm nan ak videyo YouTube sa. Soutit yo ka mete an kreyòl.

Janaagraha se tinon Janaagraha Centre for Citizenship and Democracy. Òganizasyon sa egziste depi desanm 2001 ak yon misyon ki pa diferan de misyon ANVA: transfòme kalite lavi moun nan peyi Lend. Yo travay ak sitwayen pou yo ka angaje yo nan kominote yo epi ak gouvènman pou refòme jesyon kominoye yo. Yo espere reyisi fè sa ak Edikasyon Sivik, Patisipasyon Sitwayèn epi Refòm. 

Menm jan ak ANVA, Janaagraha kwè anpil nan pouvwa teknoloji pou chanje jan n ap viv. Se nan konsa yo mete sou pye yon ekip teknik pou devlope aplikasyon pou ede travay la. Youn nan aplikasyon sa yo se yon platfòm pou lite kont koripsyon yo rele IPaidABribe, yon fraz angle ki vle M te bay yon lajan anbatab. Gen vèsyon  aplikasyon sa sou tout kontinan, Ewòp, Afrik, Azi, Amerik … Vèsyon ayisyèn nan se pral premye vèsyon nan Karayib la.

An Ayiti – kit se fonksyonè Leta, kit se sitwayen – nou souvan wè sèvis Leta tankou yon favè olye yon sèvis Leta dwe popilasyon an. Nou souvan bay:

Genyen tou anpil ka detounman fon, konfli enterè, nepotism ak lòt jan responsab Leta mal itilize enfliyans yo pou favorize moun men Platfòm #AnbaTab la sitou konsène « ti koripsyon » ki fini pa vin nòmal nan entèraksyon sitwayen yo chak jou ak Leta.

Travay sa ap genyen 2 faz:

Nou ap chèche moun ki vle patisipe nan lansman Platfòm ANBATAB la, yo ka ekri nou nan anbatab@ayitinouvlea.org

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *