January 11, 2021
Contact: Ayiti Nou Vle A
« Ayiti Nou Vle A » òganize dezyèm sondaj fendane li. Rezilta sondaj la montre yon majorite Ayisyen panse peyi a bezwen yon nouvo konstitisyon ((86%), pare pou yo al vote (60%), men pa fè KEP a konfyans pou òganize de vòt sa yo (57%). Echantiyon moun ki patisipe nan sondaj sa a montre yon volonte pou balanse mank konfyans sa nan disponibilite pou vini yon obsèvatè eleksyon (75%). Anfen, rezilta sondaj la montre yon dezanchantman popilasyon an ak klas politik la, kit li opouvwa, kit li nan opozisyon, ak 59% popilasyon ki afiche preferans li pou nouvo kandida ki pa soti nan pati politik ki egziste aktyèlman yo.
Dapre yon sondaj Ayiti Nou Vle A (ANVA), yon asosyasyon ayisyèn ki ankouraje patisipasyon sitwayèn, yon gran majorite Ayisyen vle patisipe nan desizyon politik peyi a; 73% kwè vote se yon zouti enpòtan pou devlope peyi a, 67% panse li enpòtan pou patisipe nan politik lokal e 75% dakò pou vini obsèvatè elektoral si yo jwenn mwayen pou sa.
Majorite popilasyon an kontinye pa fè Prezidan Jovenel Moïse konfyans pou dirije peyi a – kòt konfyans Prezidan pèdi 5 pwen parapòta sondaj nou te fè ane pase a pou l tonbe nan 40%. Yo pa nonplis fè nouvo KEP Prezidan an mete sou pye pou òganize referandòm konstitisyonèl ak eleksyon an konfyans (57% pa fè l konfyans pou òganize eleksyon) . Sepandan, sondaj la montre ke majorite popilasyon an panse peyi a bezwen yon nouvo konstitisyon e 60 % di yo pare pou yo al vote nan referandòm ak eleksyon KEP a prevwa fè yo – yon pousantaj ki prèske twa fwa nivo patisipasyon nan eleksyon dis dènye lane yo.
Rezilta sondaj sa montre elektè yo vle egzèse dwa yo pou vote lib e libè pou chwazi dirijan yo; sa ki sanble make yon diferans ak diskou aktè politik yo k ap mande retire prezidan an pa lafòs epi pozisyon popilasyon an ki pito eleksyon. Gendwa se sa ki eskplike, sou kesyon chwa nouvo lidè politik yo, moun yo chwazi chanje klas politik la, ak 59% moun ki patisipe nan sondaj la ki di yo ta pito vote pou kandida ki pa abitye fè politik.
Rezilta sa yo konfime tandans nou te konstate pou fen ane 2019 la, kote popilasyon an te deja rejete klas politik la epi pou eleksyon òganize. Li montre konsistans kwayans pèp ayisyen an nan prensip demokratik yo ansanm ak volonte yo genyen pou patisipe epi ede garanti eleksyon ki kredib.
Sondaj sa se òganize nan telefòn, soti premye pou rive 28 desanm 2020, sou yon echantiyon 1058 moun ki genyen 18 an oswa pi plis. Li te itilize teknik echantiyonaj aleyatwa sou baz sèks, laj ak depatman moun yo ap viv. Sondaj sa rive fèt ak sipò Laboratwa statistik Trend Media konpayi Digicel.
Pou plis enfòmasyon sou sondaj sa ak analiz nou so rezilta yo, vizite: https://www.ayitinouvlea.org/sondajeleksyon