Ayiti Nou Vle A

Adrès imel

kontak@ayitinouvlea.org

Telefòn

(+509) 38 861135

Adrès

1, rue Viala (Midoré)
Delmas 33, Delmas
Haïti

Suiv nou :

Souvan istwa ki pi trajik anseye nou valè ki pi imen.

08 octobre 1994, mwen te yon timoun 12 ane mwen tap vive Delmas, lè mwen te reveye jounen sa premye bagay mwen te remake se te souri ak kontantman ki te entoure m, se te yon epok ki te dificil ampil men jounen sa te diferan, manman m’ te gen yon gwos souri ak joi nan vizaj li, vwazen bow lakay nou tap danse kompa ak kè kontan, prèske tout moun nan katye a te kontan, yo tap danse, yo tap ri, e yo te mete ansanm pou yo netwaye, pentire, fe dekorasyon katye a tout antye.

Ki sa ki te fè jou sa si espesyal pou mwen et ampil lot haitien se ke menm bagay sa yo tap fet nan ampil lot katye an Ayiti, timoun, granmoun, manman ak papa, soti nan Cite Soley passe Delmas, Pétion ville prèske tout kote Ayisyen te kontan, yo te netwaye, dekore lakay yo avek yon fierté yon joi Kòm yon lame ki fek genyen yon gwo viktwa lagè, jan de santiman sa yo, se pa yon bagay ou ka vrèman eksplike yon moun, li se yon bagay ke ou ka sèlman santi nan nanm ou selman lew te viv li.

Mpa kwè ke moun k ap viv amba lavil, la saline, martissant, ap janm konnen yon jou espesyal pwòp ak bèl konsa anko, tout ayisyen te ini yo jou sa paske yon moun espesyal ke nou te goumen ampil pou te tounen tap vin jwen nou nan kek jou et ampil Haitien te vle bal yon akey diy de lanmou nou te santi… e moun sa a te Aristide.

( Gen ampil bagay yon moun ki renmenw ka fe pou ou, men pa gen anyin ke moun sa pap fe pou ou lè li santi ke ou renmen li tou.)

Mwen konnen anpil ayisyen ki komanse li atik sa panse ke mwen ta pral fè lwanj Aristide oswa vante bon kalite l ‘yo epi gentan ap pare pou vin apre m’ ak tout kritik ak diskisyon raz ke nou toujou ap fè depi pase 30 ane deja, men atik sa a. pa konsène Aristide, an reyalite jou espesyal sa mwen tap rakonte nou an pa te janm konsene Aristide, li te konsène yon bagay ki pi gwo, yon bagay ki pi important et ki fondamantal nan avni ke nou vle pou peyi nou ke nou dwe reflechi sou li, jou espesyal sa a ke mwen p’ap janm bliye te konsène sa yo rele en anglè. (LOVE FOR YOUR PEOPLELanmou Ou Genyen Pou Pep ou.

Nan pifò peyi devlope yo kiltive lakay timoun yo depi nan laj byen bonè, pou yo renmen peyi yo lanmou sa pa yon ilizyon abstrè li ye, pou yon neg ak yon fanm kap mennen yon vi normal lanmou sa tradwi souvan nan respè ou genyen pou dwa konpatriyot parèy ou ki fe pati de peyiw,

Lè ou renmen pèp ou a, ou gen tandans vle sa ki pi bon pou li, et proteje dwal tankou moun se rezon ki fè respè pou dwa moun et menm dwa animal fondamantal nan devlopman nenpòt sosyete modèn.

Lew pa kiltivé Lamou pou pep ou : sa ap kreye sitiyatyon kote nan lopital wap we ampil infimyè ki abiye prop avek inifom byen blan epi yo kite timoun yo responsab ki malad nan yon anvironman sal paske yo pa we sa kom yon devwa pou yo goumen pou tout timou peyi yo viv nan diyité menm jan avek avek yo se menm bagay sa yo ki fè wap jwen ampil senatè sèl oswa yon depite ap gen plis polisye pou bal sekirite ke pase plizyè mil moun nan komin ke li reprezante san li pa santil jennen

Ou pa ka di ou renmen peyiw siw pa gen lanmou pou Pèp li, paske yon peyi se yon regwoupman moun ki lye ak yon istwa ki pataje yon kilti ki fè nasyonalite yo. Jan nou trete timoun yo depi nan bèso a se konsa yo pwal trété nou lè nou fin granmoun.

Lè ou nan pozisyon en tan ke responsab ke se kòm paran, politisyen, ak biznisman examp ou bay, sosyete ke ou kreye oubyen saw fè kité dèyè ka vin a la fin bagay ki detwiw oubyen koute laviw ak yon kawotchou boule nan kou ou.

Kèlkeswa opinyon oswa santiman ou genyen pou li fok rekonèt ke nan ané 1990 Aristide te yon senbòl de Lanmou yon lidè bezwen montre a Pèp li, ke se te vre oswa fo mass Pèp la te renmen Aristide reyèlman et yo te santi ke li te renmen yo tou, lefèt ke anpil ayisyen te dispoze sakrifye tout sa yo te sakrifye epi uni ansann pou fè tout bagay sa yo pa pwop volanté yo pou resevwa li se yon vre testaman de lanmou yo te genyen pou li ak impotans yon lidè ki inspiré moun valè sa yo.

Atravè 215 ane nan istwa nou, nou viv anpil moman nan tristès trajedi ak dezespwa men pi gwo trajedi a se lefèt ke nou pa janm pran swen ti moman ra sa yo kote nou te uni nou et kontan pou youn lot, reflechi sou li, inspire de yo epi anseye timoun nou yo impotans Lanmou Ou Genyen Pou Pep ou genyan nan ede nou jwen direksyon poun rive constri Ayiti nou vle a ak viv dapre deviz li Lumion fè la fòs.

Kenny Cash.

Twitter : Mckendy19

Intagram :Kenny___Cash

Yo

Adres imel ou pa pral pibliye. Jaden obligatwa yo make *