Yè aprèmidi ki te 22 jiyè a aprè li fin anonse demisyon PM Lapin, Prezidan Moise tou nome sitwayen Fritz William Michel kòm premye minis. Nap raple PM Lapin,ansyen minis kilti sou Céant te nome PM pa enterim sèlman 3 jou aprè chanm depite te revoke PM Céant. Yon mwa aprè, yon lòt arete pral nome PM Lapin kòm Premye minis. Ale de PM pa interim pou rive nan PM nome, kat mwa gentan pase san palman an pa rive ratifye Lapin jiskaske l bay demisyon l.
Kiyès Fritz William Michel ye?
Fritz William Michel se yon Fonksyonè 38 lane. Li te nome minis planifikasyon ak kowoperasyon ekstèn nan gouvènman Lapin an palman pa janm rive ratifye a. Avan sa, li te chèf kabinè Minis ekonomi ak Finans, Alix Patrick Salomon.
Yon bon pati nan pakou li chita nan ministè finans. Li rantre nan ministè finans tankou estajyè nan lane 2004 pou l vin teknisyen , chèf kontab nan direksyon jeneral bidjè epi direktè administratif ak finans nan Inspection Générale des fiances (IGF). Li te pase nan ministè lagrikilti tankou direktè afè administratif ak finans.
Fritz William Michel travay nan sektè prive tou. Li te PDG PM Agripo S.A ak Express Transport et Distribution epi direktè egzekitif Carribean Products and Services.
Kisa pou n espere de nominasyon sa ?
Aprè anviwon 4 mwa kote kabinè Lapin an tap likide afè kourant, si Palman ratifye kabinè Fritz William Michel, lap fè plis pase likide afè kourant. Lap ka angaje leta e tante pote kèk solisyon ak pwoblèm peyi a tankou : defisit bibjetè a, sitiasyon sekirite ak enstabilite peyi epi kesyon eleksyon.
Atik 156 konstitisyon 1987 deklare Gouvènman reskonsab tout keksyon ki gade politik peyi a. Menm si PM Michel gen pil pase 15 lane an administrasyon piblik la, sa pa vle di lap rive pote bon rezilta. Kesyon tankou Koripsyon, move jesyon resous leta ki kondwi ak gwo mouvman mobilizasyon dènye tan sa yo ka rete san solisyon sitou lè n konsidere gen anpil gwo zotobre pami yo Prezidan MoÏse ki enplike.
Si laprezidans te fè anpil bri kouri pou monte yon gouvènman koabitasyon , opozisyon an ki pat vle diskite avèk prezidan Moise blije l chwazi yon sitwayen yo pa twò konnen men ki sòti nan sen pouvwa a. PM Michel sanble gen bon relasyon ak palmantè yo. Men eske sa sifi pou anklannche dyalog prezidan ap preche a ? Oubyen, eske l ap gen kouraj pou l aseni administrasyon piblik la ki ta tou signifi vire kont prezidan Moise ?
E ou menm, Kisa w panse de nominasyon Fritz William Michel kòm premye minis ?
Alain Délicat