Rezime :

Yon rapò odit ou ankèt, se yon rapò ki prepare sou baz anpil enfòmasyon ki gen prèv ak yon group Anketè ou oditè ki gen konpetans ak endepandans nan domènn lan avèk sipò kèk ekspè entènasyonal ki metrize sa yo rel odit.

Rapò koudèkont lan gen anpil itilite ak enpòtans pou yo konmanse arete tout koupab e mete aksyon piblik an mouvman kont delenkan finansye yo. Jodi a sou baz rapò koudèkont lan, nou dwe pran devan pou’n mande arestasyon moun non yo site epi mande ULCC ak UCREF al chache kote lajan fè, epi lajistis pou al chache prezime koupab yo.

Entrodiksyon

Depi aprè piblikasyon rapò Koudèkont lan, sou jesyon lajan petrocaribe a, nou tande anpil pale, anpil reyasksyon kap fèt e moun kap bay opinyon sou rapò a. eske tout moun sa yo kap konmante travay oditè koudèkont yo, konprann enpòtans yon « rapò odit ou odit espesifik » tankou rapò sou pwosè petrocaribe a. Objektif tèks sa se pou nou mete kèk presizyon sou sa yon rapò odit ye e montre enpòtans ou itilite rapò ankèt (odit espesifik) koudèkont(CSCCA) reyalize sou dosye petrocaribe a.

Kisa yon rapò odit ye ?

« Ankèt ou odit », se li ke nou rele yon ankèt envestigasyon an, ki reyalize avek yon group moun ki gen fòmasyon pou sa, ki gen bon jan konpetans ak endepandans , ki mezire tout sa k’ap di avèk anpil prèv. Sa tout moun dwe konnen «  yon anketè ou oditè koudèkont pa ka ekri yon enfòmasyon nan yon rapò san li pa gen okenn prèv  » ; tout sa li di sipoze gen byenfonde avèk anpil pyès jistifikatifif. Nan lang save yo, yo rele prèv sa yo « éléments probants » sa vle di se yon enfòmasyon ou pa ka refize, ki baze sou prèv ak analiz ak jijman pwofesyonèl oditè ou anketè yo.

Ankèt  ou odit  ka pran 2 fòm :

odit jeneral oubyen yon odit espesyal (audit spécifique),

Jeneralman odit espesyal la ka  reyalize 2 fason :

Konpetans anketè ou oditè  ki fè rapò sa?

nan Atik 28 dekrè 2005 sou fonksyonnman Koudèkont, li pale de yon estrikti de sipò (structure d’appui) ki se yon selil enstriksyon ak verifikasyon.

Selil enstriksyon ak verifikasyon se yon group « Ankètè ou Oditè ou Kontrolè » ki gen konpetans ak endepandans pou reyalize yon ankèt ou misyon odit. Se moun sa yo ki responsab pou mennen ankèt oubyen sa nou rele nan domèn administrasyon odit la. Fòk nou presize tou, Anketè sa yo se sou baz egzamen yo rantre nan koudèkont. Anplis de sa, nan ankèt ki tap mennen sou lajan petwokaribe a, Koudèkont te gen sipò gwo ekspè entènasyonal nan domèn odit, sa vle di moun ki metrize sa yo rele odit. Kidonk tout sa ankètè yo di nan rapò sa gen prèv pou li.

Ki enpotans odit espesyal sa?

Nap fini pou nou ajoute, nan dosye koripsyon nan tout peyi, yo pa bezwen tann arè debè jij koudèkont yo pou lajistis konmanse arete delenkan finansye, depi te gen pale anpil sou yon dosye epi te gen yon ankèt preliminè, epi ankèt espesyal la vinn bay verite pou klarifye sou tout pale anpil yo, lajistis ka konmanse mare prezime koupab yo e konmanse sezi byen yo, nou k pran ekzanp, Lula ak anpil lòt responsab nan kelke peyi ke yo te arete pou koripsyon

Kidonk rapò koudèkont lan gen anpil itilite ak enpotans pou yo konmanse arete koupab yo e mete aksyon piblik an mouvman kont delenkan finansye sa yo.

Jodi a sou baz rapò koudèkont lan, se arestasyon moun non yo site nan dosye a pou nou mande epi mande ULCC ak UCREF al chache kote lajan fè ak lajistis pou al chache prezime koupab yo.

Pierre Motler ST-JACQUES, M.Sc

Spécialiste en audit et gouvernances gouvernementales

Chargé de cours à des Universités

Sovaj anraje kap chache libète’m ak frè ak sè’m yo

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *