FICH TEKNIK

Pwogram: #OditKolektif #KotKòbPetroCaribeA 

Sibvansyon: $17,704.84, American Jewish World Service (AJWS)

PatnèMÉTIS, KOPI, Fondation DÉCLIC

Teren: Ilavach; Nonb pwojè pou odite: 24


Nan jou ki te premye desanm 2019 la – apre 3 renvwa an septanm, oktòb, ak novanm lakòz Peyi lòk la – ekip teren #OditKolektif Ayiti Nou Vle A, ki te gen ladann Mike Odelyn Patrick Junior Charles (Foto/Video), Alain Delisca (Dwa) ak Perez Riquemi (Montaj), kite lokal ANVA nan Midoré (Delmas 33) an direksyon Ilavach. Misyon an te gen pou dire 5 jou, men lakòz manifestasyon ki te anonse pou 5 desanm, ekip la te blije rantre yon jou anvan. Pandan vwayaj la, yo te kenbe yon journal de bord, li aksesib la

Anvan vwayaj la, ekip la te patisipe nan yon atelye, Patricia Camilien, prezidant asosyasyon epi pwofesè syans politik, te fè pou yo. Atelye sa te bay ekip la zouti pou konprann epi reyalize yon odit sosyal. Nan atelye sa, yon lòt manm ekip #OditKolektif la, Karène Franck (Administrasyon/Lojistik) te patisipe; li pa t ale sou teren men se li ki te òganize vwayaj la, notamman nan kolaborasyon ak Konbit Pou Ilavach (KOPI). Dosye atelye a disponib la. Li gen ladann, yon prezantasyon PPT, foto atelye a, foto manm ekip la, nòt ki te pran pandan atelye a, kesyonè pou odit la, ansanm ak yon gid pou fè odit sosyal. 

Nan lespri ouvèti ANVA a, tout pwodui vizit la aksesib an liy. Yon dosye odyovizyèl ki gen ladann videyo, odyo, ak foto vizit la, disponib pou tout moun ki enterese. Genyen tou yon albòm foto ki aksesib sou paj Facebook asosyasyon an.

Dènye dosye a, se dosye piblikasyon an. Li regwoupe yon dokimantè (ki ap pibliye an mas 2020), enfografi pou 24 pwojè ki odite yo (idem), ak ti videyo entèvyou 2 minit pou rezo sosyal yo. Genyen yon playlist YouTube pou videyo sa yo:


Bay kontribisyon pa w. Kite yon pwomès don


Rezilta #OditLise a disponib: #OditKolektif nan 16 lise #KotKòbPetroCaribeA te depanse.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *