Ou gen yon kesyon sou pwogram #AyitiNouVleA ak sou kijan nou ka rive fè l tounen yon reyalite, ekspè nan gwoup tematik nou yo ap kontan reponn yo. Voye kesyon w lan pandan semèn nan nan anva@ayitinouvlea.org. Chak dimanch, a midi, n ap pibliye repons yo sou blòg la.

***
Jodi a n ap reponn Marie France Bien-Aime k ap viv nan dyaspora a. Kesyon li an se sou kijan moun ki p ap viv nan peyi a ka kontribiye pou gen kouran 24/24 an Ayiti, yon fason pou kreye opòtinite pou tout moun k ap viv nan peyi a.

Men repons ekspè nan gwoup Tematik Enèji a pou kesyon sa:

RPou reponn kesyon sa, annou konsidere zòn ki pa gen elektrisite ditou oswa kote rezo distribisyon pa egziste ditou yo. Si zòn nan toupre lanmè oswa genyen anpil « Colline », yo ka eksplwate enèji ewolyen. Ti sistèm tankou gwo sistèm. Si nan zòn nan genyen « chute d’eau », santral idwolik ka posib.Ayiti genyen solèy anpil akoz pozisyon li, kidonk prodwi enèji solè toujou yon opsyon menm si li ka pa ideyal pou tout sitiyasyon. Konbine youn oswa 2 nan resous sa yo ak gaz natirèl, diesel…ou ta dwe ka prodwi ase elektrisite pou yon ti vil/komin/seksyon/awondisman. 

Tout sa se pou prodiksyon sèlman,distribisyon se yon lot may nan chenn nan. Sa tou mande yon kou ak bon chwa teknik.Prodwi kouran koute anpil lajan, chak sistèm gen fason byen spesifik pou évalye envestisman yo. Nan zòn andeyò yo, vann elektrisite pa rapòte anpil benefis, oswa li pap evidan si evalyasyon yo pa kreyatif. Se pou sa,dwe gen bon jan evalyasyon ki fèt pou wè ki sistèm, ki konbinezon sistèm ki fè plis sans pou chak sitiyasyon. Evalyasyon sa yo dwe fè pwojeksyon sou yon dire ki kout ak dire ki long tou.

Leta deja gen anpil bèl ide ak projè ki sou papye, gen sa ki komanse konstwi tou, men se egzekisyon projè sa yo ak efikasite metòd/strateji yo ki pral montre si vreman nap raproche kouran 24/24 oubyen si n ap fè bak. Fason ki pi fasil Pou ede peyi a pandan w deyò, ou ka komanse ankouraje plis moun manifeste enterè pou kesyon enèji. Swa nan envestisman dirèk, swa nan edikasyon.

Menm si peyi a ta gen kouran 24/24 , jodi a nou pa gen ase teknisyen kalifye pou asire lonjevite sistèm yo. (Ou tande sa k ap pase nan Dlo santral Pelig la). Ou ta ka tou finanse yon ti mikwo rezo nan zòn kote w soti Ayiti a (m panse fok ou ta kontakte ANARSE pou plis enfomasyon sou pwosesis yo, yo fè anpil efò nan sans sa dènye âne sa yo).

Finalman, ou ka Ankouraje, depite senate majistra nan zòn ou pou panche plis sou kesyon enèji. Menm jan kò w pa ka fonksyone san enèji, se menm jan tou yon peyi pa ka avanse San enèji. Menm jan sa pran tan pou Kwit manje pou kò a, sa dwe pran tan, envestisman ak ekspètiz, pou bay peyi a kouran 24/24

MARC EVENST

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *