An desanm 2018, nou te pale de yon gwo salon ekspo sou Channmas kote nou ta ka mete an valè inovasyon ak bèl pwojè tout kote nan peyi a ki ka ede n rive nan #AyitiNouVleA. N ap chèche moun ki konn òganize gwo evènman ki ka pran sa an chaj.
Lide a se mete estann pou prezante pwojè, antrepriz elt. epi òganize konferans sou tematik ANVA yo.
Gen kesyon lojman tou ki bezwen abòde. Petèt menm etabli fòfè vwayaj otèl pou moun k ap vin patisipe.
Salon an ta ka fèt pandan vakans dete a.
Si w enterese ranpli fòmilè sa epi n ap kontakte w. https://forms.gle/8sBycw5fPyxaenbf6
#AyitiNouVleA se ansanm n ap konstwi l.