Ayiti Nou Vle A

Adrès imel

kontak@ayitinouvlea.org

Telefòn

(+509) 38 861135

Adrès

1, rue Viala (Midoré)
Delmas 33, Delmas
Haïti

Suiv nou :

An nou di aswè vandredi a, ou anvi manje yon bon manje, yon bagay de kalite epi ou deside ale nan yon restoran yon bon zanmi te rekòmande w. Lè w rive nan restoran an, premye sa w fè, ou gade meni an pou ou wè ki tip ak kalite manje li ofri, epi sitou ki pri yo pou w sèten,si w se yon moun tankou mwen menm. Lè ou fin analize meni an, ou deside kisa ou ap kòmande. Pou ou kòmande tou ou konsidere kèk lòt paramèt, tankou nan ki nivo ou grangou oubyen ki kantite manje ou ka manje. Ou konsidere tou ki kantite kòb ou ka depanse oubyen ou prè pou ou depanse nsanm ak a ki nivo ou fè rekomandasyon zanmi w lan konfyans. Ou gade tou ki nouvo konfyans ou ka fè restoran sa deja, ki premye enpak li fè sou ou. Kidonk nan senp ti tan sa ou pase chita nan restoran ou gentan fè yon pakèt analiz, byen rapid nan tèt ou, avan ou pran yon desizyon sou kisa ou pral kòmande. Yon desizyon ki ta ka parèt senp men ki, jan nou wè li la, mande analize plizyè paramèt.

Kounye an nou sipoze ke ou se yon peyi ki rele Ayiti ki gen pou l jere plizyè sektè nan objektif pou li viv byen, pou li pwospere. Peyi sa gen pou li pran yon seri desizyon nan chak setè say o pou li ka rive nan objektif sila yo. Pou nou fè sa senp an nou chwazi yon sèl sektè, Enèji. Pou nou fè li pi senp ankò, nou ap konsidere yon sèl eleman nan sektè sa, kouran. An nou di peyi a deside ke fòk li bay tout moun nan peyi a kouran. Donk menm jan avèk ou ki, vandredi swa sa te gen yon objektif manje yon bon manje, peyi a deside kòm objektif pou l bay tou moun kouran.

Menm jan avèk ou peyi dwe asire ke li byen konprann objektif li vize a. Ou menm avan deplase ou evalye a ki nivo ou ka manje e ak ki nivo ou anvi manje. Nou ka di sa se yon mezi demann pou manje ou nan moman sa. Ebyen peyi a tou dwe analize ki kantite kouran tou moun bezwen pa sèlman kounye a men pou yon kantite lane ki ap vini. Lè sa peyi a detèmine klèmen ki sa objektif li a vle di, kisa sa vle di pou li bay tout moun kouran pou peyi a pwospere. Sa ap klè tou pou tout lòt aktè ki pou divès rezon ta entèrese konnen, konprann objektif sa. Nou kapab di kounye a objektif peyi a klè.

Menm jan avèk ou peyi dwe gade kounye a ki opsyon li genyen pou li fè objektif sa tounen yon reyalite. Ou menm ou chwazi yon restoran epi meni restoran pèmèt ou wè ki opsyon ou genyen pou ou satisfè objektif ou a. Peyi a tou oblije etabli yon meni pou li konnen ki opsyon li genyen pou li ka bay kouran. Nan meni sa nou ap genyen tout resous li kapab itilize pou li fè sa, pami resous sa yo ou ap jwenn pa egzanp resous enèji renouvlab ki gen nan peyi a menm, van, solèy, dlo, pwodui enèjetik ki dekoule de plant etc ak tou resous ke li ka achte nan men lòt peyi tankou mazou, diesel, gazolin, gaz natirèl etc. Meni sa tou ap tou di peyi a konbyen kòb opsyon sa yo ap koute epi ki diferan senaryo posib li ka konsidere pou li rive nan objektif li a.

Nou rele senaryo pa egzanp kijan li ka konbine diferan resous nou sot pale la yo pou li bay tout moun kouran. Ka gen yon senaryo ki itilize plis enèji ki soti nan solèy konpare ak mazou, diesel pa egzanp. Ka gen yon lòt senaryo ki priyorize plis dlo, ak van sou solèy ak gaz natirèl. Sa ki pral fè diferans nan senario yo se de paramèt trè enpòtan: konbyen kòb yo chak ap koute epi konbyen tan yo chak ap pran. Souvan se sou baz paramèt sa yo, epi sou enfliyans lòt faktè ki ka depann de kontèks la, ke moun ki ap deside pou peyi a kapab chwazi yon senaryo. An nou di byen vit ke kèk nan paramèt sa yo kapab kantite moun ki konpetan nan domèn kouran nan peyi a; kontinye konpayi ki ap envesti oubyen ki vle envesti nan kouran nan peyi a; lwa, politik ak akò peyi a genyen sou kesyon kouran.

Menm jan avèk ou pou li chwazi yon senaryo peyi a dwe konnen ki kote li ap jwenn kòb li bezwen pou li reyalize senaryo sa. Pou ou menm li ta dwe senp paske ou konnen konbyen kòb ou genyen nan bous ou epi ki limit ou genyen sou kat kredi w ak kat debi w. Peyi a li menm dwe fè menm bagay la. Li dwe gade konbyen kòb li ka jwenn nan bidjè pa li epi ki lòt sous li genyen pou li jwenn kòb. Se la ke lòt aktè m tap di ki ka entèrese konnen ak konprann objektif peyi a vinn nan jwèt la. Pami aktè sa yo nou jwenn sa nou ka rele patnè enstitisyonèl ak finansye yo tankou Bank mondyal, BID; nou jwenn lòt gouvènman sa yo souvan rele patnè bilateral yo epi tou aktè prive yo ke nou souvan rele operatè ak envestisè. E se denye gwoup sa ki pi enpòtan paske yo pral gen yon gwo wòl pou jwe nan pote kòb ak moun kalifye peyi a bezwen pou reyalize objektif li a. Se sak fè li enpotan pou yo menm ak tout lòt aktè nou di yo byen konprann objektfi peyi a ak opsyon oubyen senaryo peyi a chwazi pou fè objektfi sa tounen reyalite. E yon jan pou peyi a garanti sa se konsilte aktè sa yo lè li ap defini objektif la avèk senaryo yo pou li ka tout tande sa yo panse e asire ke yo byen konprann kote l vle ale.

Nou ta dwe byen konprann ke menm jan ou fè divès analiz pou ou deside kisa ou ap manje nan yon restoran se konsa yon peyi tankou Ayiti dwe fè anpil analiz lè li ap pran desizyon pou devlope yon sektè tankou sektè kouran. Si analiz ou a nan ka restoran ka fèt byen rapid, nan ka peyi a sou kesyon kouran li ap pran plis tan paske peyi a ap bezwen sipò moun ki kalifye pou fè analiz sa epi moun sa yo ap bezwen aksè ak anpil enfomasyon tou pou yo fè yon analiz solid. E jan nou sot di l la tou yo ap bezwen konsilte lòt moun ki enplike oubyen entèrese ak sektè kouran pou yo valide analiz yo ap fè yo.

NICHOLAS D ALLIEN

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *