Ayiti Nou Vle A

Adrès imel

kontak@ayitinouvlea.org

Telefòn

(+509) 38 861135

Adrès

1, rue Viala (Midoré)
Delmas 33, Delmas
Haïti

Suiv nou :

Ki dènye fwa yon enfòmasyon nan medya aprann ou yon bagay ki itil? Depi ki lè ou gen chans tande nouvèl ki pèmèt ou enfòme tèt ou san voye monte, san lòbèy? Pwojè #AyitiNouVleA se yon pwojè pou yon Ayiti kote nouvèl radikalman diferan. Nouvèl ki pa kite jwen pou prejidis, diskriminasyon, laperèz. Nouvèl ki pa rete sou pwoblèm men ki pwopoze solisyon tou. Nouvèl ki pale de sitiyasyon moun ap konfwonte nan zòn yo, nan lokalite yo, nan peyi yo, nan monn lan ak bon jan enfòmasyon ki pèmèt konprann kontèks y ap evolye ladann nan ansanm ak rezon fondamantal ki eksplike sitiyasyon yo.

ANVA Medya se repons asosyasyon Ayiti Nou Vle A vle pote pou yon ekosistèm medyatik kote piblisite, pwopagann, eskandal pi enpòtan pase enfòmasyon. Nou kwè jounalism pi enpòtan pase tout sa yo. Nou kwè bon jan enfòmasyon se yon zouti endispansab pou tabli yon demokrasi. Nou kwè li pa posib pou tout Ayisyen rive viv nan diyite si pa genyen transparans ak responsabilite pou rann enfòmasyon kredib aksesib pou chak sitwayen.èn. Se pou sa nou vle vini ak yon medya sitwayen an liy ki mete an valè nouvèl ki konsène moun ak enpak òganizasyon peyi a gen sou yo. Yon medya ki fè pwomosyon Respè, Angajman, Solidarite (RAS) kòm vale de baz sosyete ki pou pèmèt #AyitiNouVleA rive.

ANVA medya se bra medyatik pwojè #AyitiNouVleA. Pwogramasyon li akse sou twa preyokipasyon nou yo: enstitisyon, jistis sosyal ak finansman devlòpman Ayiti. Chak fwa li posib, li ofri yon kontni orijinal ki an rapò dirèk avèk reyalite peyi d Ayiti ansanm ak reyalite moun k ap viv ladann, nan tout nivo, nan tout kote. Pou l fè sa, l ap itilize rezo sosyal yo, rezo radyo kominotè yo ak lòt medya ki vle angaje yo nan batay n ap mennen pou rèv Ayisyen an rive.

Kominikasyon se kle pou n rive konvenk yon majorite Ayisyen.èn travay pou n konstwi ansanm yon vizyon komen pou Ayiti. Pou sa nou bezwen medya ki gen misyon enfòme ak fòme sitwayen.èn yo pou yo ka patisipe kòmsadwa nan direksyon peyi yo. Medya ki, an plis de nouvèl, pwodui seri televizyon tou, enfografi ak lòt zouti kominikasyon pou enfòme piblik la.

Nan zafè eskandal chak jou nou konstate nan laprès tradisyonèl la, li klè medya sa se nou menm ki pou kreye l, pou tèt nou. Nou menm ki pou monte ansanm plizyè ekip (rechèchis, senaris, kameraman, reyalizatè, jounalis) pou travay an kolaborasyon ak rezo radyo kominotè pou fasilite difizyon enfòmasyon yo, yon bò, epi simaye nouvèl ki vreman lokal yon lòt bò.

Medya ki gen plis ekout ann Ayiti se plis pase 300 radyo k ap fonksyone yo atravè peyi a. Twa pi gran jounal ekri yo atenn sèlman 20 000 moun. Sèl medya ki ka fè konkirans ak radyo nan odyans, se rezo sosyal yo ki atenn plis pase 2 milyon Ayisyen chak jou. ANVA Medya prevwa konbine pouvwa radyo ak pouvwa rezo sosyo pou lanse travay sou vizyon global #AyitiNouVleA.

Pou evite tonbe nan menm pwoblèm ak lòt medya yo, ANVA Medya ap konte sou yon gwoup moun presi, piblik li, pou pote kole pou finanse aktivite l yo. Moun sa yo ka peye sa yo vle. Yo lib pou fikse valè yo ap bay pou sipòte pwojè a, nan lide twa prensip ANVA yo: respè, angjaman, solidarite. Kontribisyon sa yo ka bay li yon sèl kou, yon fwa tanzantan, sou kont an bank oubyen granmesi sèvis an liy tankou Patreon. Epi tou, nou prevwa monetize videyo ak lòt resous yo sou entènèt atravè platfòm rezo sosyal yo, chak fwa li posib.

Pou lanse ANVA Medya, nou estime 400 000 dola ap nesesè pou premye ane a. Apre sa, sipò regilye manm yo ta dwe pèmèt nou kontinye pou ane apre yo. Si w ta renmen kontribye, voye yon imel nan anva@ayitinouvlea.org oubyen klike sou lyen sa pou w fè yon don an liy.

PATRICIA CAMILIEN

Yo

Adres imel ou pa pral pibliye. Jaden obligatwa yo make *