“Edikasyon bon kalite kote kreyòl la se prinsipal lang instriksyon” se youn nan objektif tematik “Edikasyon” nan pwogram Ayiti Nou Vle a.
Biyè sa vle chache eksplike poukisa mwen kwè objektif sa dwe prioritè.
Premyèman, reyalize edikasyon bon kalite se non sèlman yon enperatif, men se premye fondasyon ki kapab amelyore lavi moun epi favorize devlopman dirab nan yon peyi. Anplis de amelyorasyon kalite lavi sitwayen yo, nan yon pèspektiv teritoryal, aksè a edikasyon enklizif ak ekitab ka ede popilasyon yo nan zòn an dedan tankou nan zòn an deyo gen aksè a de zouti epi devlope de solisyon ki adapte a pwoblèm yap viv e ke yo dwe kapab jere poukont yo.
Rezon ki fè peyi d’Ayiti manke bon jan kalite edikasyon, se poutèt: manke pwofesè ki byen antrene, kondisyon majorite lekòl yo mizerab, epi anfin gen gwo defisit ekite ak enklizyon.
Pou edikasyon an enklizif tout bon vre, sa mande premyèman yon revolisyon linguistik nan nivo Edikasyon Nasyonal: an tan ke lang manman tout Ayisien, e nan konteks kote majorite ayisien, ni pwofesè lekol pa metrize lang franse, kreyòl la dwe lang prinsipal edikasyon nasyonal. Sa vle di fòk politik piblik aplike refòm pou manyel skolè, kou, examen, ak lòt eprèv sèvi ak lang kreyòl kom lang prinsipal. Franse a, se yon lang ki fè pati de patrimwan nou, men atitid “anti-kreyòl” ki jiska prezan dominen nan sistèm skolè a gen yon enpak negatif sou talan ak kreyativite elèv yo. Pou aprantisaj timoun yo ka efikas, pou timoun kapab byen sèvi peyi yo e pwodui nan peyi yo demen, fòk nou sèvi ak lang manman yo, pou yo kapab pi byen konpran mond lan kote yo ap viv la.
Kidonk, pou nou gen yon sistèm edikasyon bon kalite ki enklizif, sitou pou timoun ki soti nan milye defavorize yo, fòk gen yon refòm linguistik lekòl fondamantal, bon jan envestisman nan bous detid, atelye fòmasyon pwofesè, konstriksyon ak bon jan antretyen lekòl, epi amelyore aksè a dlo ak elektrisite nan lekòl yo.
LAURENT WEIL