Ayiti Nou Vle A

Adrès imel

kontak@ayitinouvlea.org

Telefòn

(+509) 38 861135

Adrès

1, rue Viala (Midoré)
Delmas 33, Delmas
Haïti

Suiv nou :

14 fevriye 2019, Ayiti Nou Vle A (ANVA) lage premye vèsyon PWOGRAM li a. Se dezyèm dokiman « long » gwoup sa a pibliye. Premye a se te GID ANVA a ki te dekri filozofi inisyativ la. Dokiman GID la ka ede nou konprann pi byen kote yo soti pou rive jodi a nan pwogram ANVA a. 

GID ANVA

Nan dokiman sa a, nou te aprann ANVA chita sou 3 prensip, twa « valè » ki tankou 3 wòch dife: respèangajman ak solidarite. Apre sa dokiman an te liste 3 preyokipasyon, twa gwo pwoblèm ki domine lespri manm ANVA yo: feblès enstitisyon yo, pwoblèm jistis sosyal nan peyi a ak pwoblèm finansman pou devlope Ayiti.  Malerezman, yo pa t bay twòp detay sou preyokipasyon sa yo nan dokiman an. Nan pwogram ANVA a yo reparèt ak yo (san twòp detay malerezman). N ap gen pou nou retounen sou sa. 

Men, kòman nou t ap fè detekte epi defini pwoblèm yo? Apwòch ANVA a, jan sa te gentan parèt nan GID ANVA a, se defini yon seri endikatè pou sèvi mezirèt k ap pèmèt nou detekte pwoblèm yo. Men tout pwoblèm pa menm: genyen ki merite reyaji prese prese, genyen ki soti nan yon sitiyasyon debalanse ki merite korije epi anfen, genyen ki anonse gwo pwoblèm pi devan ki merite pou nou atake yo depi nan rasin. Sa pouse ANVA separe endikatè li yo an 3 kategori: alètekilibantisipasyon. Men nan yon sektè poukont pa li, ou kapab jwenn tou le twa kategori pwoblèm sa yo. Kidonk, sa ki te rete, se defini lis aspè nan lavi n ap mennen Ayiti a ki merite siveye atravè tou le twa kategori endikatè sa yo.

Ebyen, ANVA pwopoze yon lis 9 aspè konsa, oswa tematik, ki merite siveye: edikasyonmanjelasanteekonomilakiltitravayanviwòmanenèjisekirite. Dapre ANVA, twa premye domèn yo gen pou wè ak envestisman ki fèt nan moun, twa lòt ki vin apre yo gen pou wè ak envestisman ki fèt nan jan moun ap viv epi, anfen, twa dènye endikatè yo gen pou wè ak envestisman ki fèt sou kote moun ap viv

An gwo, ANVA prezante nou 9 domèn nan vi nasyonal la kote ki kapab gen pwoblèm. Li deside suiv chak domèn sa yo granmesi 3 kategori endikatè (alèt, ekilib antisipasyon) ki kapab pèmèt nou konnen si genyen pwoblèm ak nati pwoblèm sa a. Nan metòd ANVA a, zouti ki pral pèmèt suivi sa a fèt toupatou nan peyi a, li rele bousòl. Bousòl la se senpman yon matris tout endikatè k ap ban nou enfòmasyon sou jan sitiyasyon an ye nan chak tematik ANVA deside siveye yo. Pou kounye a matris sa a senp (9 tematik, 3 endikatè pou chak), men nan dokiman pwogram ANVA a, nou pral wè yo detaye li plis toujou.

Men bousòl la, li mèt detaye kou detaye, li p ap aprann nou anyen si nou pa klè sou sa ki nòmal oswa sa ki ta dwe nòmal nan peyi a. Yon moun te ka sèvi ak menm bousòl sa a pou fè bagay ki ta dwe nòmal vin pase pou pwoblèm. Bousòl la se yon zouti, men li pa ranplase yon bon vizyon. E se la tout fòs dokiman an dapre m. Li di nou men kisa ki vizyon ANVA a. Se sou baz vizyon sa a endikatè yo ap ka di nou si yon sitiyasyon se yon pwoblèm.  Nan dokiman pwogram nan nou aprann vizyon sila a se pa yon bagay yon ti gwoup moun rete yo ekri pou tout moun, se rezilta yon travay patisipatif. Nou menm gen chif:

« Vizyon #AyitiNouVleA tabli apati 12 533 tweet – sa ki fè antou 388 575 mo epi 821 paj – soti 14 jiyè 2018 rive 20 oktòb 2018. » (Pwogram ANVA)

Gen 2 nivo nan vizyon ANVA a. Gen yon vizyon global, ki prezante vizyondimonn ANVA a, oswa kòman Ayiti Nou Vle a ta dwe ye, kòman gwoup la wè l. Apre sa gen yon lòt vizyon ki pi detaye, ki di, anndan Ayiti Nou Vle a, men kòman ANVA wè chak 9 tematik yo. Sa vle di, vizyon detaye a di nou men kisa « edikasyon nou vle a », men kisa « sistèm manje, sistèm sante nou vle a » ye, e latriye.  

Men mo kle nou jwenn nan vizyon global ANVA ofri nou an: viv nan diyite, pouvwa sitwayen, lekòl, manje ak lasante pou tout moun, egalite chans pou tout moun, enpinite ak koripsyon kaba nan tout nivo, sitwayen angaje, respè dwa tout moun alawonnbadè. Se sou baz gran vizyon sa a, apre sa, ANVA ofri yon vizyon pi detaye . Pou chak tematik, apre li fin demontre, ak bonjan chif gen pwoblèm serye ki merite rezoud, li bay yon lis objektif ki defini jan sa ta dwe ye (3 objektif pou chak tematik). Sa yo ta dwe sèvi baz pou kalibre bousòl ANVA a ki li menm pral sèvi gid pou mennen nan « Ayiti Nou Vle A ». Nan dokiman pwogram nan, yo retounen sou objektif sa yo pou fin chapante bousòl ANVA a.

Dokiman pwogram nan se tou senpman pwolonjman premye travay sa a. Nan seksyon ki vin apre a, nou pral gade kisa li pote anplis. Nou p ap repete sa ki di deja yo si sa pa nesesè.

PWOGRAM ANVA

Pwogram ANVA a pibliye nan yon kontèks peyi lòk. ANVA byen kadre dokiman an nan kontèks sa a. Li sitou ensiste pou se pa lè bwa a mare sèlman pou nou ap kouri chèche solisyon, men li pwopoze kanmèm 4 aksyon ki ta dwe poze rapid rapid pou pote yon kalmi: kwape mank transparans ak tout eksè depans nan leta a, kontwòl zòn kote se bandi ski èl kòk chante yo, aji sou mache yo pou bese lavi chè a, pwosè PetroCaribe a.

Men vrè objektif dokiman an se pa pou pale de kriz la. Dokiman an di pito se sou yon vizyon lontèm l ap travay, sou 30 an! Men n ap remake ANVA parèt ak twa nouvo mo nan djakout vokabilè li a (sitiyasyon ki inakseptabendispansabijan) ki sanse pa janm sèvi ankò nan tout tèks la. Men apre sa, dokiman an retounen, avèk plis detay, sou tout eleman ki pou pèmèt fin chapante bousòl ANVA a. An nou gade pi pre kòman chato a bati. 

Nou te gentan wè genyen 9 tematik. Pou chak tematik nou te di ap gen 3 kategori endikatè. Nou te wè tou pou chak tematik, vizyon detaye ANVA a te bay yon seri objektif ki dwe atenn pou nou ka rive nan Ayiti Nou Vle a. Kounye a, ANVA vin ajoute yon kouch ant objektif chak tematik yo ak kategori endikatè yo.

Pou chak objektif ANVA vle ki atenn anndan yon tematik, li di fòk nou ta kapab reponn 3 kesyon sa yo: aksèobstaksolisyon. ANVA pa bay plis detay sou kisa li rele aksè, obstak oswa solisyon. Men nou ka imajine pou chak objektif ki anndan yon tematik (egzanp: « yon sistèm edikatif modèn ki gen kreyòl kòm zouti prensipal »), n ap bezwen konnen kòman nivo aksè a ye (egzanp, kantite dokiman kreyòl ki disponib pou lekòl yo, omwen), nan ki nivo obstak yo ye (egzanp: paran ki ,akoz prejij,e pa dakò pou lekòl pitit yo fèt an kreyòl) epi ki solisyon k ap deplwaye (egzanp, fon ki disponib pou rekonpanse otè ki deside ekri bon manyèl lekòl an kreyòl). Kounye a, sou dosye solisyon an pa ekzanp, n ap bezwen defini endikatè alèt, endikatè ekilib ak endikatè antisipasyon.

Konbyen endikatè nou ta dwe genyen minimòm nan chak kategori endikatè ? ANVA di pou chak kategori (alèt, ekilib, antisipasyon), n ap adopte omwen 3 endikatè kote chak endikatè touche yon preyokipasyon pami 3 preyokipasyon nou te site depi lè nou t ap pale de Gid la. Ou sonje 3 preyokipasyon yo sa yo ye? Se te: enstitisyon k ap mal mache, pwoblèm jistis sosyal ak pwoblèm finansman. Yon egzanp endikatè ekilib pou jistis sosyal (sonje nan egzanp lan solisyon an se te kreyasyon yon fon pou rekonpanse otè yo) pou bay kreyòl la plas li ta kapab: pousantaj fanm ki benefisye pri sa a depi lè fon an kreye. Kidonk ak yon sistèm konsa, ANVA ta dwe kapab siveye yon bann aspè nan vi nasyonal la, defini pwoblèm yo epi pote solisyon ki adapte nan chak tematik yo. 

An tou, genyen 9 tematik, 3 objektif omwen nan chak tematik, 3 kesyon pou chak objektif, 3 kategori endikatè pou chak kesyon epi kòm chak kategori endikatè dwe kouvri tou le 3 preyokipasyon ANVA yo. Lè tout sa yo antre anndan manman matris ki fòme bousòl la, sa ap fè 729 kritè pou piti (jis miltipliye tout chif yo ansanm). Kritè sa yo pral gide ANVA pou li ka konnen kòman li ka enfliyanse politik piblik yo ak sosyete a pou yo pa devye sot sou wout ki mennen nan Ayiti nou vle a. Men ki moun ki pral bay manman matris sa a done pou l ka woule? Eske se yon ti ponyen moun k ap ret chita nan yon sal enfòmatik epi yo ranpli tout? Non. E se la yon lòt fòs apwòch Ayiti Nou Vle a. Pou li, gen 2 kategori ekspè: premye kategori a, kategori ki vin anvan tout lòt yo, se popilasyon an (wi wi, nou tout se ekspè!) paske se li ki pi byen konnen sa l ap viv la ak sa li gen bezwen. Lòt kategori a se moun ki etidye sitiyasyon an, ki travay sou li, nan kad tematik yo. ANVA di nou se gras ak konsiltasyon bò kote popilasyon an nivo alèt, ekilib ak antisipasyon yo ap rive tabli…

Atravè ki estrikti ANVA pral enfliyanse leta ak sosyete a? Kijan ANVA ap òganize? Finanse? Dokiman an reponn tout kesyon sa yo. An rezime, ANVA ap genyen 4 bra : Bousòl ANVA, Pwojè ANVA, ANVA medya ak yon laboratwa lide (Think tank). Divès aksyon ak zouti pral deplwaye, nou ka site : lòbi, pledwari, yon obsèvatwa lajan leta (ola), kontak dirèk ak politisyen yo, mobilizasyon manch long, elt. Boutanfen, ANVA prevwa l ap bezwen 650 000 dola vèt pou premye ane a. Li prevwa sanble kòb sa a granmesi yon pote kole moun ki kwè nan inisyativ la (crowdfunding). Pifò nan kòb sa a ap depanse nan ANVA medya, sa ki gentan fè nou konprann ANVA prevwa anvayi espas piblik la pou li fè tande vwa li. E kòm ANVA ap toujou konsilte popilasyon an, vwa pa l ta dwe vwa pa nou depi nou patisipe nan konsiltasyon yo.                                                                                

TEMATIK ANVA

Mwen ta renmen fini biyè blòg disèt longè sa a avèk kèk lòt egzanp endikatè nou ta ka imajine pou chak tematik.

Edikasyon

Objektif : Tabli yon sistèm edikasyon kalite

Endikatè obstak ekilib pou enstitisyon: pa gen klas ki gen plis pase 20 elèv

Manje

Objektif : Ogmante konpetitivite pwodui agrikòl ayisyen

Endikatè solisyon antisipasyon pou finansman : leta finanse rechèch ak inovasyon

Lakilti

Objektif : Relanse ekonomi kiltirèl la

Endikatè solisyon ekilib pou ensitisyon : ranfòsman estrikti ministè Kilti ak òganis ki anba titèl li

(DNL, BN, BNE,BHDA, PNd’H, RNH, TNH, ISPAN, ANH, MUPANAH, ENARTS, TN)

Sa se kèk egzanp sèlman. Kisa ou panse de egzanp sa yo? Ou kapab pataje tou kèk endikatè ou imajine ki ta merite suiv pou tematik sa yo oswa lòt tematik tankou sante, anviwònman/enfrastrikti, ekonomi, enèji ak sekirite. Kisa ou panse de pwogram Ayiti Nou Vle a?

STEVENS AZIMA

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *