Ayiti Nou Vle A

Adrès imel

kontak@ayitinouvlea.org

Telefòn

(+509) 38 861135

Adrès

1, rue Viala (Midoré)
Delmas 33, Delmas
Haïti

Suiv nou :

Yè, pandan Prezidan Jovenel Moïse ap enstale Komite pou fasilite dyalòg ayisyen l lan, nou aprann 47 milyon goud depanse nan Eta Jenewo Sektoryèl epi anplwaye ap reklame 5 mwa san touche, san Laprezidans pa gen anyen pou l montre pou lajan sa ki depanse a. 

Chak jou, valè lajan Leta k ap gaspiye san eksplikasyon ap ogmante. Kanaval. Karavàn. Komisyon. San eksplikasyon. 

Nan pwogram #AyitiNouVleA, nou te di li ijan pou elimine tout depans Leta ki pa bonjan nesesè epi kwape mank transparans nan fason lajan Leta ap depanse. Youn nan fason pou n asire n sa fèt se nan veye ki lè, ki bò ak nan ki kondisyon lajan Leta depanse. Se nan sans sa, nan kad Laboratwa Lide (Think Thank), Ayiti Nou Vle A pral mete sou pye a, ap gen yon Obsèvatwa Lajan Leta (Ola!). 

Obsèvatwa Lajan Leta

Men kat didantite Ola! 

Kisa: Yon rezo òganizasyon sosyete sivil k ap siveye lajan Leta

Kòman : Ak moun ki gen konpetans nan analiz, pledwari, lobi, mobilizasyon kominotè

Poukisa: Pou fè lyen ant bidjè peyi a ak nèf tematik ANVA yo, yon fason pou :

1) Senplifye epi simaye enfòmasyon
2) Enfliyanse depans/resèt piblik
3) Idantifye tandans epi fè previzyon
4) Mete an valè pi bon pratik bidjetè
5) Suiv egzekisyon bidjè a

Ak kisa: kontwòl sitwayen sou depans Leta gras a kolèk, simaye enfòmasyon ansanm ak ranfòsman kapasite òganizasyon sosyete sivil yo pou suiv kesyon bidjè nan peyi a.

Gen yon bidjè 20 mil dola meriken (lè to a fè yon ti poze, n ap mete l an an goud) ki estime pou lanse Ola! Men sa ki pi enpòtan toujou se jwenn moun ki vle ede l pran pye.

Lajan Leta se lajan pèp, lajan pèp se lajan Chango. Li lè pou responsab Leta yo konnen sa, konprann sa… E se nou k pou fè yo konprann.

Pou ede mete Ola! sou pye, nou envite fè yon don an liy. Mèsi pou sipò w. 

Yo

Adres imel ou pa pral pibliye. Jaden obligatwa yo make *