Ayiti Nou Vle A

Adrès imel

kontak@ayitinouvlea.org

Telefòn

(+509) 38 861135

Adrès

1, rue Viala (Midoré)
Delmas 33, Delmas
Haïti

Suiv nou :

Odit yo

2018: Bazdone #OditKolektif la

5 Me 2020: Rezilta #OditKolektif nan Ilavach la disponib.

20 Mas 2021: Rezilta #OditKolektif Lise yo disponib.

Demach la 

Yon mwa aprè #Petrocaribechallenge lan te lanse sou rezo sosyo yo, Ayiti Nou Vle A (ANVA) te komanse Odit Kolektif la. Odit Kolektif la se yon aktivite ANVA te lanse an Septanm 2018 pou ankouraje moun chèche jwenn enfòmasyon sou projè ki finanse avèk lajan PetroCaribe a pandan nou t ap tann Koudèkont bay premye rapò a. Objektif la sete jwe wòl nou antanke sitwayen peyi a, e mete presyon pou rapò yo soti e pou Pwosè PetroCaribe a fèt. Nou te mete a dispozisyon tout moun lis pwojè yo sou sit wèb ANVA a e nou te made moun al visite sit pwojè ki bò lakay yo e poste sa yo jwenn sou rezo soyso yo e eksplike sa yo jwenn ak fanmi ak zanmi yo.

Nou te ankouraje yo chèche enfòmasyon sou pwojè yo  tankou ki antrepriz ki fè travay la, konbyen kòb ki depanse e pran foto travay ki fèt la etc. Tweet ki te lanse odit la  la . Ide a sete enfome moun sou gaspiyaj ki te fèt ak fon PetroCaribe a, e bay Ayisyen ak Ayisyèn, (patikilyèman jènn ak moun ki pa konn ki jan pou yo enplike yo sivikman) on fason konkrè pou yo founi je gade kijan leta ap jere lajan li. 


Rezilta Odit Kolektif la 

Sou rezo soyal yo Odit Kolektif la jenere anpil diskisyon e ede mobilize plis moun nan lit la kont koripsyon. Nou te bay moun opòtinite pou yo bay enfomasyon anonim tou .

Men kèk egzanp rezilta Odit Kolektif la sou Twitter: 

Gen moun k al chèche wè eta estad Lamothe yo bò lakay yo

Estad Lamothe yo toujou. Fwa sa nan vil Gonayiv.

Ak plis presizyon sou nivo estad la parapò estanda entènasyonal

Estad Kotdefè a

Sant Espò nan Delmas 

Estad la nan Jeremie

Wout Borgne/Petit-Bourg de Borgne

Pak endistriyel nan Mon Kabrit

Ayopo nan Jeremie 


Odit Kolektif la kite rezo sosyo yo 

Pandan nou t ap mande #KotKòbPetroCaribe a sou rezo sosyal yo, nan lari a nou te patisipe nan 3 gwo mach (7 septanm, 17 oktòb e  18 novanm 2018) pou nou te mare fache, tankou zansèt nou yo, ak tout sa ki anpeche nou viv tankou moun.

Se nan menm sans sa nou te deside deplase pou n fè twa seri Odit Kolektif avèk moun ki afete dirèkteman nan gagòt ki fèt ak kòb Petrocaribe a. Se konsa nou te soumèt yon demann finansman bay yon fondasyon amerikèn ki rele American Jewish World Service (AJWS) ajws.org. Nou te jwenn $17,704.84 nan men yo pou fomè volontè ANVA yo sou kijan pou yo anime rankont ak on kominote, vizit ekip ANVA nan Iavach (ak 2 lòt kote nan peyi a kote pwojè PetroCaribe te fèt), rankont ak kominote yo, videyograf ki filme Odit Kolektif la, montaj videyo, difizsyon etc.

Bi Odit Kolektif la nan kominote yo se eseye pataje rezilta sosyal pwojè PetroCaribe yo sou vi Ayisyen ak Ayisyèn. 

Nou komanse avèk IlaVach kote genyen 24 pwojè ki te finanse ak fon Petrocaribe a. Nan Ilavich nou te kolabore avèk Konbit Peyizan Ilavach ki te fasilite nou kontak avèk kominote a, te ede nou prepare odit la e te akompanye nou pandan odit la. Pou plis enfomasyon sou Odit Kolektif la ki te fèt Ilavach vizite paj sa www.ayitinouvlea.org/OKIlavach.

Pwochen deplasman nou te konsène 16 lise #KotKòbPetroCaribe A depanse. Nan kad odit sa ki te fèt pandan 11 jou, 2 konpayi J&J Constructions ak SECOSA, atire atansyon nou; nou fè yon videyo bonis espesifikman pou yo. Kanta rapò jounen odit yo, nou ka jwenn yo nan www.ayitinouvlea.org/OKLise


Odit Kolektif la ap kontinye 

Pandan n ap gade ansanm koman sa te pase nan Ilavach ak lòt kominote, nou t ap tann dènye rapò Koudèkont la  ki te sipoze soti nan mwa mas 2020 ak tout jijman yo. Twazyèm rapò a ta dwe pale de pwojè Ilavach yo paske de premye rapò yo pat kouvri yo ditou.

De premye rapò yo site plizyè nan dirijan nou yo (pase e prezan), eksplike yo monte sa Koudèkont panse se yon sistèm pou detoune kòb la e mal jere kòb la, ki fè mal a pèp Ayisyen an. 

Menm jan nou te fè aprè Koudèkont te pibliye lòt rapò yo, n ap envite ou kontinye rete vijlan. Lè twazyèm rapò a soti, li li e diskite li ak fanmi e zanmi w. N ap kontinye Odit Kolektif la. N ap kontinye poze kesyon  jiskaske Pwosè a fèt.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *