Ayiti Nou Vle A

Adrès imel

kontak@ayitinouvlea.org

Telefòn

(+509) 38 861135

Adrès

1, rue Viala (Midoré)
Delmas 33, Delmas
Haïti

Suiv nou :

14 septanm 2018 la fè #PetroCaribeChallenge yon mwa. Pou nou make dat sa, Ayiti Nou Vle A envite w patisipe nan yon Odit Kolektif pandan n ap tann enstitisyon Leta yo travay pou reponn kesyon #KotKòbPetroCaribeA.

Men kijan ou ka patisipe nan Odit Kolektif la.

  1. Chèche ki pwojè ki te finanse pou zòn ou an, chwazi youn epi ekri enfòmasyon ou jwenn sou li yo yon kote.
  2. Lè w fin byen enfòme sou pwojè a, ak yon telefòn ou oubyen yon kamera, ale sou plas, epi pran yon ti videyo sou pwojè a kote w ap eksplike sa l ye, kote l ye, pou konbyen kòb li te fèt, elt.
  3. Poste videyo sa sou Twitter oubyen Facebook ak 2 achtag sa yo: #KotKòbPetroCaribeA #OditKolektif.

#AyitiNouVleA ap rasanble tout videyo sa yo sou paj Facebook li a pou tout moun gen chans wè yo.

Konsa lè odit enstans Leta yo rive an janvye, n ap gentan te fè ti travay pa nou, pou nou ka sou men nou.


Men yon lis pwojè Petro Caribe yo, dapre diferan rapò MTPTC, Primati, CNMP, elt. Si w ta renmen plis enfòmasyon, ou ka konsilte dokiman sa yo dirèkteman la.

Yo

Adres imel ou pa pral pibliye. Jaden obligatwa yo make *