Apwopo

Smiling African businesswoman meeting with colleagues in an office
Africa volunteering, charity, people and ecology
Apwopo

Nou gen yon misyon pou tout Ayisyen viv nan diyite​

#AyitiNouVleA a, se yon Ayiti kote tout moun ka viv nan diyite, kote se sitwayen ak sitwayèn yo ki bay pouvwa. 

0

Manm ak senpatizan

Jan nou òganize

Yon sistèm eterachik

Asosyasyon Ayiti Nou Vle A separe an 4 selil refleksyon/pwopozisyon baze sou konpetans moun ki ladan yo

Selil Kominikasyon

Pou grafis, videyograf, fotograf, espesyalis nan maketing, elt. Li responsab pwodui kontni pou asosyasyon an.

Selil Estrateji

Pou espesyalis politik, mobilizasyon, rezotaj, lobbying, elt. Li responsab estrateji global asosyasyon an ansanm ak filyal li yo.

Selil Finans

Pou fundraiser, marketer, finansye, kontab, elt. Li responsab jwenn epi jere lajan pou asosyasyon an nan yon fason transparan.

Selil Enfòmatik

Pou pwogramè, devlopè, espesyalis nan TEK, elt. Li responsab jere done pou ANVA epi sipòte lòt selil yo nan sa ki gen pou wè ak teknoloji.

Chak selil ap travay sou solisyon nan domèn pa l pou ede nou rive nan #AyitiNouVleA. Yon Selil Kòodinasyon asire lyezon ant diferan selil yo. 

Yon istwa foumi

 
 

Eske nou janm pran yon ti tan pou gade kisa foumi fè lè yo jwen ou ti sik ? Yo rive ladanl rapid. Yon premye, yon dezyèm, yon twazyèm, jiskaske yon pil ak pakèt anvayi sik la.

Kòman yo rive la ? Yo pa gen Google Map pou voye adrès la bay youn lòt. Yo senpman lage yon ti sant kote yo pase ki fe youn ka suiv lòt. Foumi ki dekouvri sik la tounen lakay al pote nouvèl la. Sa k rive pi vit la, se li ki fè chimen pi kout la, lòt suiv li. Plis yo suiv li, plis sant lan fò, plis wout la klè, pi vit tout koloni foumi an rive nan sik la.

Modèl travay sa, nou pa jwenn li kay foumi sèlman. Nou jwenn li plizyè lòt kote. Nan politik. Nan biznis. Nan tout fòm òganizasyon. Se ak modèl travay sa Ayiti Nou Vle A fonksyone.

Premye foumi an te gen yon lide. Lòt yo suiv tras li, yo ranmase lide a, yo mennen yon aksyon. Nan langaj save, sa rele estigmèji. Fòm òganizasyon travay sa pèmèt yon divizyon travay pi fleksib kote pa bezwen gen yon sèl chèf ki konsantre tout pouvwa yon sèl kote, yon sistèm eterachik kote yerachi yo diferan selon kisa òganizayon an ap travay sou li.

Klike la pou aprann plis sou estigmèjieterachi ansanm ak kijan yo ka mennen nou nan #AyitiNouVleA

Ekip teren

Rankontre yo

Lè asosyasyon an genyen pou ale sou teren, men kèk sòlda ki toujou pare pou reponn alapèl. Si n rankontre yo, pa neglije ba yo sipò nou.

Mike O.P.Jr CHARLES

Videyograf/Fotograf

Dayane Cadestin

Rechèchis/Redaktris

John Peter ADOLPHE

Finans/Kontabilite