Nou deside travay pou #AyitiNouVleA
pou n ka sòti nan #AyitiNouYeA
Nou gen yon plan pou ranplase yon sistèm ki baze sou dominasyon, ekplwatasyon ak esklizyon ak yon sistèm ki kreye nan echanj, solidarite ak enklizyon. Rejwenn nou !
Vini yon volontè
Pou chanje yon peyi, sèlman 3.5% popilasyon an sifi. Ayiti ap tann ou.
Fè yon don
Gen diferan fason ou ka kontribiye lajan nan asosyasyon an, anpil nan yo sou entènèt.
Kisa ki Ayiti Nou Vle A
Nou gen yon misyon pou
tout Ayisyen viv nan diyite
#AyitiNouVleA a, se yon Ayiti kote tout moun ka viv nan diyite, kote se sitwayen ak sitwayèn yo ki bay pouvwa.
- Yon peyi kote tout moun jwenn lekòl, manje, ak lasante.
- Yon peyi kote chak grenn Ayisyen, chak grenn Ayisyèn gen menm chans pou l reyalize rèv li.
- Yon peyi kote chèf respekte lalwa, enpinite kaba, koripsyon pa gen plas li.
desizyon pou #AyitiNouVleA
Pwojè nou yo
Soutni aksyon ak entèvansyon nou yo
#AyitiNouVleA se yon pwojè pou chanje sistèm politik, ekonomik ak sosyal peyi a. Nou entèvni nan divès domèn ki genyen enpak sou kijan sosyete a òganize l epi kontinye repwodui tèt li.

#Mobilize
Rann pwosesis elektoral yo ak òf politik la lizib ak transparan, yon fason pou omwen 3 elektè Ayisyen sou 5 vote nan eleksyon.
Nou jwenn $20 000
N ap chèche $120,000

#OditKolektif
Odit sosyal Fon PetroCaribe yo nan Ilavach ak nan 16 lise #KotKòbPetroCaribeA ta depanse
Nou jwenn $17,704.84
Nou te chèche $17,704.84
#AyitiNouVleA
Nou gen pouvwa jodi a
pou nou chanje demen
Vizyon #AyitiNouVleA tabli apati 12 533 tweet – sa ki fè antou 388 575 mo epi 821 paj – soti 14 jiyè 2018 rive 20 oktòb 2018. Vizyon sa debouche sou yon pwogram ki, apre echanj ak konsiltasyon nan divès kote nan peyi a debouche sou yon pwojè.

Ayisyen
Kritè
Sitwayen angaje
Lane
"Dekouvri pwojè
#AyitiNouVleA"
Pote kole
Yon èdtan pa semèn ka chanje Ayiti nan yon jenerasyon
Men anpil, chay pa lou. Djakout asosyasyon an chaje men pa gen anyen nou pa ka fè lè nou mete tèt nou ansanm. Ann gade ansanm kijan ou ka ede, kontakte n jodi a.
Lè li pi fasil pou jwenn nou
- 11.00 AM - 12.00 PM
Dèlma, Ayiti
- 1, rue Viala, Delmas 33
- (+509) 38 86 1135
- kontak@ayitinouvlea.org
Entènèt
- m.me/ayitinouvlea
- twitter.com/ayitinouvlea
- +509 38 86 1135
3 prensip, 3 preyokipasyon, 9 pwopozisyon, pou pèmèt tout Ayisyen, Ayisyèn viv nan diyite.
Yon Gid pou mennen nou nan #AyitiNouVleA.
#AyitiNouVleA a, se yon pwogram pou tabli yon Ayiti kote tout moun ka viv nan diyite, kote se sitwayen ak sitwayèn yo ki bay pouvwa.
500 milya goud pa ane pou envesti nan moun, kote y ap viv, kijan y ap viv.
Yon plan pou konstwi #AyitiNouVleA
Lis evènman
Pwochen aktivite asosyasyon an
Evènman asosyasyon an menmjan ak filyal li yo.
Asanble jeneral
Ayiti Nou Vle A
9
Septanm
- Zoom
- 10.00 AM - 17.00 PM
Asosyasyon an gen 3 lane. Nou pral fè bilan 3 lane depi, malgre sitiyasyon difisil peyi a, pwojè a ap vanse.
Ofisyalizasyon
Plezans Nou Vle A
30
Septanm
- Plezans di Sid
- 09.00 AM - 17.00 PM
Depi 2019, ANVA te nan diskisyon pou etabli filyal nan tou komin peyi dAyiti men lòk ak COVID-19 te konplike pwojè sa …
Ofisyalizasyon
Leyogàn Nou Vle A
15
Oktòb
- Leyogàn
- 10.00 AM - 17.00 PM
Depi 2019, ANVA te nan diskisyon pou etabli filyal nan tou komin peyi dAyiti men lòk ak COVID-19 te konplike pwojè sa …
Ofisyalizasyon
Fòlibète Nou Vle A
21
Novanm
- Fòlibète
- 10.00 AM - 17.00 PM
Depi 2019, ANVA te nan diskisyon pou etabli filyal nan tou komin peyi dAyiti men lòk ak COVID-19 te konplike pwojè sa …
Ofisyalizasyon
Gresye Nou Vle A
10
Desanm
- Gresye
- 09.00 AM - 17.00 PM
Depi 2019, ANVA te nan diskisyon pou etabli filyal nan tou komin peyi dAyiti men lòk ak COVID-19 te konplike pwojè sa …
Sou blòg la
Nouvèl ak atik
Rete okouran tout dènye aktivite asosyasyon an.
Sondaj. Apre lanmò prezidan Repiblik la, 58% Ayisyen vle pou peryòd tranzisyon an kout e popilasyon an sanble divize sou kijan ak kilès ki dwe dirije peyi a
Pòtoprens, 17 septanm 2021 Sondaj. Apre lanmò prezidan Repiblik la, 58% Ayisyen vle pou peryòd tranzisyon an kout e popilasyon an sanble divize sou kijan ak kilès ki dwe dirije peyi a « Ayiti Nou Vle A » òganize yon sondaj apre asasina Jovenel Moïse. Rezilta sondaj la montre yon gran majorite Ayisyen (75%) panse kominote entènasyonal […]
Sondage. Les Haïtiens veulent une nouvelle constitution et souhaitent participer aux élections, mais ils ne font pas confiance au CEP pour organiser les scrutins
Port-au-Prince, le 17 septembre 20201 Sondage. Les Haïtiens veulent une nouvelle constitution et souhaitent participer aux élections, mais ils ne font pas confiance au CEP pour organiser les scrutins. «Ayiti Nou Vle A » a organisé un sondage auprès de la population après l’assassinat de Jovenel Moïse. Les résultats de l’enquête montrent qu’une large majorité […]
Lòt vèsyon : Videyo, Français, English Yon konpayi k ap depanse lajan san l pa janm bay ankenn jistifikatif; yon lòt ki pa egziste legalman men ki sanble gen abònman pou sipèvize pwojè premye a; yon pakèt lòt ki sanble egziste sèlman pou egzekite pwojè ak lajan Petrocaribe a. Konpayi ki resevwa kontra pou 16 lise nou odite yo, prezante […]
FICH TEKNIK Pwogram: #OditKolektif #KotKòbPetroCaribeA Sibvansyon: $17,704.84, American Jewish World Service (AJWS) Patnè: MÉTIS, Fondation DÉCLIC Teren: Anse-Rouge,Bas-Limbé, Capotille Caracol Cerca Carvajal, Chantal, Hinche, Mirebalais, Mont- Organisé, Pilate, Port Margot, Ranquitte, Roche à Bateau, Saut d’eau, Savanette ak Thomonde; Nonb lise ki odite: 16 Gade tout odit la yon sèl kou Odit kolektif sou Lise yo, kontinye travay nou te […]